Estè (Grèk) 9 - 1998 Haitian Creole

Jwif yo kraze lènmi yo

1Trèzyèm

6Nan lavil Souz, jwif yo te touye senksan (500) moun.

7Nan moun yo te touye yo te gen Fasanestayin, Delfon, Fasga,

8Fadata, Barea, Sabaka,

9Mamasima, Awonfayòs, Asayòs ak Zaboutayòs.

10Se te dis pitit Aman, pitit Amadatòs, moun lavil Bougayòs ki pa te vle wè jwif yo. Apre sa, jwif yo piye tout byen yo.

11Menm jou sa a, yo fè wa a konnen kantite moun jwif yo te touye lavil Souz la.

12Wa a di Estè konsa:

— Nan lavil Souz ase, jwif yo touye senksan (500) moun. Dapre ou, konbe moun yo dwe touye lòt kote yo? Kisa ou vle ankò? Mande m, m'a ba ou li.

13Estè reponn wa a:

— Se pou wa a bay jwif yo pèmisyon pou denmen yo fè tankou yo te fè jòdi a, lèfini pou yo pann kadav dis pitit Aman yo.

14Wa a bay pèmisyon pou yo fè sa vre. Lèfini, li fè pibliye yon lòd pou yo kite jwif lavil Souz yo pann kadav pitit Aman yo.

15Jwif lavil Souz yo reyini nan katòzyèm jou mwa Ada a, yo touye twasan (300) moun, men yo pat pran anyen nan zafè moun sa yo.

16Pou lòt jwif ki te nan rès peyi a, yo fè tèt ansanm pou yonn pote lòt sekou. Men, jou sa a pèsonn moun pat vin atake yo. Depi nan trèzyèm jou mwa Ada a yo te kraze kenzmil (15.000) moun, men yo pa te pran anyen nan zafè moun yo.

17Konsa, nan katòzyèm jou mwa a yo sispann, yo pase jou sa a ap pran repo nan kè kontan ak nan fèt.

18Men, jwif lavil Souz yo te pase katòzyèm jou a ap touye lènmi yo toujou. Se nan kenzyèm jou a yo fè fèt, se jou sa a yo pran plezi yo.

19Se poutèt sa jwif ki gaye nan tout pwovens yo pran katòzyèm jou mwa Ada a pou yon gwo jou fèt, jou pou yo fè kè yo kontan. Se jou sa a yo voye kado yonn bay lòt. Men, pou moun ki rete nan gwo lavil yo, se kenzyèm jou mwa Ada a yo pran pou yo fè gwo fèt ak kè kontan, jou pou yo voye kado yonn bay lòt.

Jou chans lan

20Apre sa, Madoche fè ekri tout bagay sa yo nan yon liv li voye bay tout jwif yo ki te nan peyi anba lòd Atagzèsès yo, kit yo te pre, kit yo te lwen.

21Li bay lòd pou yo te toujou pran de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a, pou de gwo jou fèt chak lanne,

22paske se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se nan mwa Ada sa a sitirasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan, yo pa te dekouraje ankò, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te pran tout mwa a nèt pou yo fè fèt, gwo resèpsyon ak kè kontan, lèfini pou yo te pran nan manje yo pou yo voye bay zanmi ak bay pòv.

23Se konsa, jwif yo resevwa istwa Madoche te ekri voye ba yo a,

24Li

31Se konsa Madoche ak Estè, larenn lan, te mande pou jwif yo te toujou fete jou chans sa yo chak lè dat la rive, lèfini pou yo te pran angajman sou lavi yo pou yo te toujou fete fèt la.

32Konsa, Estè mete regleman jou chans sa yo pou tout tan, lèfini li fè kouche l sou papye pou moun pa janm bliye l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help