1W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, W'a moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, va gen yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwod.
18Nan dezyèm ranje a, va gen yon pyè malachit, yon pyè safi ak yon pyè dyaman.
19Nan twazyèm ranje a, va gen yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis.
20Nan katriyèm ranje a, va gen yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. Y'a moute tout pyè sa yo chak sou yon moso lò.
21Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. Y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag.
22W'a pran pi bon kalite lò ki genyen, w'a fè de ti chenn pou plastwon an. W'a trese yo tankou ti kòdon.
23W'a fè de ti bag an lò, w'a tache yo nan de bout anwo plastwon an.
24W'a mare de ti chenn yo nan de bag yo.
25W'a pran de lòt bout chenn yo, w'a fè yo pase pa devan jile a, w'a tache yo sou de moso lò ki sou zepòlèt jile a.
26W'a fè ankò de lòt bag an lò, w'a tache yo nan de bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a.
27W'a fè de lòt bag an lò ankò, w'a tache yo anba zepòlèt jile a pa devan, toupre kouti a anwo tèt sentiwon bwode a.
28Y'a mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka sòti detache sou jile a.
29Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l, sou plastwon an, konsa Senyè a p'ap janm bliye yo.
30W'a Lev 8.8; Nonb 27.21; Det 33.8; 1 Sam 28.6; Esd 2.63; Ney 7.65 mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l lè l'ap parèt devan lotèl Senyè a. Lè l'a kanpe devan lotèl Senyè a, l'a toujou pote sou kè l sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m.
31W'a pran twal ble pou fè rad ki ale anba jile a.
32Nan mitan rad la, w'a fè yon twou pou l pase tèt li. W'a mete yon doubli nan ankoli a, tankou yo fè l pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire.
33Sou tout woulèt anba rad la, w'a pran twal ble, vyolèt ak wouj, w'a fè bodri an fòm grenad ak ti klòch an lò nan mitan yo.
34Sou tout woulèt rad la va gen yon grenad, yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, jouk yo fè tout tou rad la.
35Se rad sa a Arawon va mete sou li lè li pral fè sèvis. Lè l'ap antre kote yo mete apa pou Bondye a pou l parèt devan lotèl Senyè a, ansanm ak lè l'ap sòti, y'a tande ti klòch yo ap sonnen. Konsa li p'ap mouri.
36W'a fè fè yon ti plak ak pi bon kalite lò ki genyen. Tankou lè y'ap fè sò, w'a grave pawòl sa a sou li: Apa pou Senyè a.
37W'a mare l sou devan mouchwa tèt la avèk yon ti kòdon ble.
38Arawon Egz 28.43; Lev 1.4; Nonb 18.23; Eza 53.11; Jan 1.29; Eb 9.28; 1 Pyè 2.24 va mete l sou fwon li, konsa Arawon va pran sou tèt li tou sa pèp Izrayèl la va fè ki mal lè y'ap pote ofrann apa yo bay Senyè a. Arawon va toujou pote l sou fwon li pou ofrann yo ka toujou fè Senyè a plezi.
39W'a fè chemiz la ak mouchwa tèt la ak twal fen blan, ansanm ak yon sentiwon bwode byen bèl.
40W'a fè rad, sentiwon ak bonèt pou pitit gason Arawon yo tou, pou yo ka byen abiye pou moun ka rekonèt grad yo.
41Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m prèt.
42W'a fè kalson ak twal fen pou yo pou kò yo pa parèt anba rad la. Kalson yo va pran depi nan ren desann wotè jenou yo.
43Se pou Arawon ak pitit gason l yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lotèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri.
Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.