1Jou ki make venteyinyèm jou nan setyèm mwa nan menm lanne a, Senyè a bay pwofèt Aje yon lòt mesay ankò.
2Li di li konsa:
— Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chyatyèl, gouvènè peyi Jida, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak, epi ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo:
3Eske Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn ven barik, se dis ase nou jwenn. Nal chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se ven galon ase nou jwenn.
17Mwen Am 4.6,9; Aje 1.9 voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a ki di sa.
18Men Esd 3.10; Zak 8.9 jòdi a, vennkatryèm jou nan nevyèm mwa a, jou nou te fini ak fondasyon Tanp lan, kalkile byen sou sa ki pral rive nou la a!
19Ata Jowèl 2.14; Zak 8.12 grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou.
Pwomès Senyè a fè Zowobabèl20Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Senyè a bay Aje yon dezyèm mesay. Li di l konsa:
21— Pale Zak 4.6 ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a.
22Mwen Da 2.44; Mi 5.10; Zak 14.13; Mat 24.7 pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.
23Jou Eza 43.10; Jer 22.24 sa a, m'ap pran ou, ou menm Zowobabèl, sèvitè mwen an, pitit gason Cheyatèl, m'ap ba ou pouvwa pou gouvènen nan non mwen. Paske se ou menm mwen chwazi pou sa. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.