2 Korent 13 - 1998 Haitian Creole

Dènye avètisman Bonjou pou tout moun

1M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm Det 19.15; Mat 18.16; 1 Tim 5.19 fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.

2M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m te vin lakay nou dezyèm fwa a. Kounyeya mwen pa la, m'ap repete l ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap menaje pèsonn.

3Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li.

4Wi, Fil 2.7,8 se vre: yo te kloure l sou yon kwa paske li te fèb. Men kounyeya, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l tou, gremesi pouvwa Bondye a.

5Kritike 1 Kor 11.28 tèt nou nou menm. Egzamine konsyans nou nou menm pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan lavi nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.

6Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye.

7M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m fè sa, mwen pa fè l nan lide pou m moutre sa m kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.

8Nou 1 Kor 13.6 pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.

9Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sa k fè, m'ap mande nan lapriyè m pou nou vin bon nèt sou tout pwen.

10M'ap 2 Kor 2.3; 10.8,11 ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Senyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.

Dènye koze

11Kounyeya, frè Fil 4.4; Wòm 15.33 m yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.

12Se 1 Kor 16.20 pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.

Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou.

13Se pou gras Senyè Jezikri fè nou an, renmen Bondye gen pou nou an ansanm ak kominyon Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou rete avèk nou tout.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help