1Nan lanne sankarantnèf (149), yo vin di Jida Makabe ak moun pa l yo wa Antyokis Epatò t'ap mache sou peyi Jide ak yon gwo lame.
2Liziyas t'ap vin avè l tou. Se Liziyas sa a ki te reskonsab fè levasyon wa a epi ki te chèf gouvènman an. Te gen avè l tou yon kantite sòlda moun peyi Lagrès. Ladan yo te gen sandimil (110.000) sòlda pye, senkmiltwasan (5.300) kavalye, vennde elefan ak twasan (300) cha lagè ak gwo lanm sèpèt sou kote yo.
3Menelas al jwenn yo. Li t'ap chache pran tèt Antyokis ak tout kalite bèl pawòl, pa paske li te dèyè byen peyi li a, men paske li te gen espwa yo t'ap kenbe l nan pozisyon granprèt la.
4Men, Bondye, wa tout wa yo, fè Antyokis fache sou li. Liziyas fè wa a konprann se kriminèl yo rele Menelas la ki reskonsab tout pwoblèm li genyen ak jwif yo. Se konsa wa a bay lòd pou yo mennen Menelas lavil Bere, lèfini pou yo touye l jan yo konn touye moun la.
5Nan lavil Bere a te gen yon fò won swasannkenz pye wòtè konsa. Li te plen sann dife. Anndan fò a te gen yon platfòm ki te fè wonn li, men ki te panche sou anndan desann nan sann dife a.
6Se la moun lavil yo te konn mennen tout moun ki te fè bagay derespektan pou bondye yo osinon ki te fè gwo krim. Yo voye yo jete nan sann dife a pou yo mouri toufe.
7Enben, se konsa Menelas, nonm ki pa te respekte Lalwa a te fini. Li pa te menm gen chans pou yo te antere l.
8Li te byen merite sa, paske se pa ni de ni twa fwa li pa te derespekte sann dife yo limen sou lotèl yo mete apa pou Bondye a, epi kounyeya se nan sann li jwenn ak lanmò li.
Batay bò lavil Moden9Wa Antyokis menm t'ap mache anvayi peyi Jide a toujou avèk yon sèl move lide nan tèt li: se pou l fè jwif yo pase pa yo, pou yo soufri pi mal pase sou papa li.
10Lè Jida vin konn sa, li pase lòd pou tout pèp la lapriyè nan pye Bondye Granmèt la lajounen kou lannuit, pou mande l sekou. Fwa sa a plis pase anvan y'ap bezwen sekou lasistans li, paske yo prèt pou yo pèdi ni lalwa a, ni peyi a, ni tanp yo mete apa pou Bondye a.
11Yo mande l pou li pa kite pèp li a ki te fenk ap pran yon ti souf la tonbe ankò anba men moun lòt nasyon ki pa gen okenn respè pou Bondye.
12Tout pèp la fè sa Jida te bay lòd fè a. Pandan twa jou, san rete yo lage kò yo fas atè, yo plenn, yo rete san manje, yo lapriyè nan pye Granmèt yo a ki gen bon kè. Apre sa, Jida ankouraje yo, li mande yo pou yo kanpe ansanm ak li.
13Jida reyini tout chèf fanmi yo apa pou yo konnen sa pou yo fè. Jida deside pase pou yo tann lame wa a anvayi peyi a, epi pou li pran lavil Jerizalèm lan pou yo, se yo menm k'ap kontre ak li epi, ak lasistans Bondye, sa ki pou fèt la va fèt.
14Konsa, li kite pou Bondye ki kreye tout bagay nèt yo deside si l'ap genyen osinon si l'ap pèdi batay la, li te fè l konfyans. Lèfini li pale ak sòlda li yo, li ankouraje yo pou yo goumen ak fòs kouray jouk yo mouri menm pou lalwa yo a, pou tanp lan, pou lavil Jerizalèm, pou peyi a ak pou jan y'ap viv la. Lèfini, l'al moute kan li bò lavil Moden.
15Li bay mesye l yo siyal pou yo atake ak pawòl sa a: Se Bondye kap fè nou genyen batay la! Nan mitan lannuit li atake tant kote wa a te ye a ak yon ti gwoup nan pi bon jenn sòlda bravedanje li yo. Li touye demil (2.000) moun konsa. Mesye l yo touye premye elefan an ak kout nepe ansanm ak moun peyi Lend ki t'ap mennen l lan.
16Bout pou bout, yo lage yon sèl kouri nan tout kan an, moun yo pa te konnen sa pou yo fè. Jida ak mesye l yo te genyen batay la. Y'al fè wout yo ale
17lè bajou ta pral kase. Sa te pase konsa gremesi pwoteksyon Granmèt la te bay Jida a.
Antyokis antre nan konsanti ak Jida(1 Makabe 6.48-63)18Sa te fè wa a goute radiyès jwif yo. Se konsa li t'ap chache lòt plan pou li atake pi bon pozisyon jwif yo.
19Li vanse sou Bèt-Sou, yonn nan gwo fò jwif yo, men yo fè l renka, yo kenbe la ak li jouk yo bat li.
20Jida te voye bay moun ki te fèmen nan fò a tou sa yo te bezwen.
21Men, Wodokis, yon sòlda nan lame jwif la, al devwale tout sekrè yo bay lènmi yo. Jwif yo dekouvri mesye, yo mete men sou li, epi yo touye l.
22Wa a seye yon dezyèm fwa pou li antann li ak moun Bèt-Sou yo. Yo bay lanmen epi wa a al fè wout li. L'al atake Jida ak moun pa l yo, men se li ki sòti anba.
23Lè sa a, li pran nouvèl Filip, moun li te kite reskonsab gouvènman an lavil Antyòch te pran lèzam. Sa te boulvèse l anpil. Li antre nan konsanti ak jwif yo. Li dakò pou l ba yo tou sa yo mande, li pran angajman pou li respekte tout dwa yo. Apre yo fin antann yo, li ofri bèt pou yo touye pou Bondye, li fè lwanj pou tanp lan, li bay anpil lajan pou kote ki apa pou Bondye a.
24Apre sa, li fè bèl resèpsyon pou Jida Makabe. Li mete Egemonidas chèf lame tout zòn ki pran depi lavil Tolemayis rive nan peyi Jera a,
25epi l'ale lavil Tolemayis. Men moun lavil yo pa te dakò ak kontra wa a te pase ak jwif yo, yo te ofiske anpil, sitèlman yo te vle pou wa a kase kontra a.
26Men, Liziyas moute sou platfòm lan, li pran defans kontra a jan l te kapab. Se konsa li pran tèt pèp la, li fè yo vin dou, epi yo vin dakò pou yo pa fè dezòd. Apre sa, Liziyas pati pou lavil Antyòch.
Se konsa wa a te anvayi peyi Jide a, epi se konsa li kite sa, li wete kò l nan peyi l.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.