Levitik 17 - 1998 Haitian Creole

Piga manje san bèt

1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

2— Pale ak Arawon ak pitit gason l yo epi ak tout moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo: Men bagay Senyè a bay lòd pou nou fè:

3Si yonn nan moun Izrayèl yo touye yon towo bèf, yon mouton osinon yon kabrit nan kan kote yo rete a, ou ankò lòt bò limit kan an,

4depi Det 12.5 se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l pou l ofri l bay Senyè a la devan kay Senyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l nèt nan mitan moun pèp Bondye a.

5Sa Lev 3.2; Eze 20.28 vle di: Depi kounyeya moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Senyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bèt y'ap ofri pou di Bondye mèsi.

6Prèt Egz 29.18 la va pran san an, l'a vide l sou lotèl la, devan pòt Tant Randèvou a. L'a boule grès la pou l fè yon bon sant ki va fè Senyè a plezi.

7Se Det 31.16 pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.

8Epi w'a di yo ankò: Okenn moun nan pèp Izrayèl la, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gendwa touye bèt yo ofri ni pou yo boule nèt ni pou lòt kalite sèvis

9okenn lòt kote, si se pa devan pòt Tant Randevou a pou li ofri l bay Senyè a. Si se pa sa, y'a wete l nèt nan mitan moun pèp Bondye a.

10Pèsonn Lev 3.17; 20.3,6; 1 Sam 14.33; Jer 44.11; Eze 14.8 ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gendwa manje vyann ak tout san li ladan l. Si li fè l, mwen menm Senyè a, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an.

11Nanm Wòm 5.9; Ef 1.7; Kol 1.20; Eb 9.22; 13.12; 1 Jan 1.7; Rev 1.5 tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou.

12Se poutèt sa Senyè a te di moun pèp Izrayèl yo: Pèsonn nan pèp Izrayèl la, ni okenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pa gendwa manje vyann ki gen san ladan l.

13Lè Det 12.16; Eze 24.7 yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gendwa manje, l'a vide tout san bèt la atè epi l'a kouvri l ak tè.

14Paske Jen 9.4 nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Senyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gendwa manje vyann okenn bèt ak tout san an ladan l. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l, m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.

15Mwen Lev 15.5; 22.8; 24.22; Det 14.21 pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

16Men, Nonb 19.20 si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nèt, l'a peye sa l fè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help