Women 8 - 1998 Haitian Creole

Jan n'ap viv avèk Lespri Bondye a

1Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

2Lalwa pou byen tout moun li te fè lide rele.

29Paske, Kol 1.18; Eb 1.6 moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè.

30Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou.

Renmen Bondye a se gwo zafè

31Kisa Sòm 118.6; Mat 1.23 n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?

32Li Jan 3.16 pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?

33Ki Eza 50.8 moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pèsonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!

34Ki Sòm 110.1; 1 Jan 2.1 moun ki kab kondannen yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou.

35Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò?

36Dapre sa ki ekri nan Liv la:

Se Sòm 44.2; 2 Kor 4.11 poutèt ou, tout moun yo sòti pou touye nou.

Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.

37Men, Jan 16.33 sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

38Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,

39ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help