Sòm 27 - 1998 Haitian Creole

SÒM 27 (26)Lapriyè pou fè lwanj Bondye(1a) Se Egz 15.2; Sòm 23.4; Eza 12.2; 60.20; Mi 7.8; Eb 13.6 yon sòm David.

1(1b) Senyè a se limyè mwen,

se li ki delivrans mwen.

Ki moun ki ka fè m pè?

Se Senyè a k'ap pwoteje mwen.

Ki moun ki ka fè m tranble?

2Lè mechan yo ap mache sou mwen,

lè lènmi m yo ap chache touye m,

se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.

3Menm Sòm 3.6 si yon lame moun ta sènen mwen toupatou,

mwen p'ap pè anyen.

Menm si yo ta vle fè mwen lagè,

m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.

4Mwen Sòm 23.6; 26.8; 84.1,2; 90.17; Lik 2.37 mande Senyè a yon bagay,

yon bagay mwen anvi anpil anpil:

Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a,

pou m ka gade bèl bagay li yo byen,

pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.

5Jou Sòm 31.20; 40.2; Eza 4.6 malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li.

L'a kache m byen fon nan Tanp li a.

L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m.

6Se Sòm 3.3; Ef 5.19 konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m yo.

M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan Tanp li a.

M'a chante, m'a fè lwanj Senyè a.

7Senyè, Sòm 30.10 tande m non lè m'ap rele ou!

Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!

8Ou Sòm 24.6 pale nan kè m, ou di mwen vin jwenn ou.

Men m'ap chache fas ou, Senyè!

9Pa Sòm 24.5; 69.17; 102.2 vire do ban mwen.

Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la.

Se ou ki tout sekou mwen.

Pa kite m pou kont mwen, pa lage m.

10Papa m Eza 49.15; Jan 16.32; 2 Tim 4.16,17 ak manman m te mèt lage m,

Senyè a va ranmase mwen.

11Senyè, Sòm 5.8; 25.4 moutre m jan ou vle m viv la.

Fè m mache nan chemen ki pa gen move pa a,

paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m.

12Pa Sòm 35.11; 41.2; Mat 26.59,60; Mak 14.55,56 lage m nan men lènmi m yo.

Yo sòti pou yo touye m.

Se yon bann moun k'ap bay manti.

13Mwen Egz 33.19; Sòm 142.5; Eza 38.11 menm, mwen sèten m'a viv pou m wè

jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.

14Mete Joz 1.6; Sòm 31.24; 37.34; Eza 25.9 espwa ou nan Senyè a!

Gen konfyans, pa dekouraje!

Wi, mete espwa ou nan Senyè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help