Estè (Grèk) A - 1998 Haitian Creole
Rèv Madoche a 1 Atagzèsès,2 Wa 24.10-16 gran wa a, te gen dezan depi li t'ap gouvènen. Premye jou nan mwa Nisan an, Madoche fè yon rèv. Madoche sa a te pitit Jayiwòs ki li menm te pitit Semeyas, ki li menm te pitit Kisayas, moun nan branch fanmi Benjamen an. 2 Madoche te yon jwif ki te rete lavil Souz. Se te yon grannèg ki t'ap travay nan palè a avèk wa a. 3 Se te yonn nan moun Nebikadneza, wa lavil Babilòn lan, te fè depòte sòti lavil Jerizalèm ansanm ak Jekonyas, wa peyi Jide a. 4 Men rèv Madoche te fè a: Li reve te gen anpil lòbèy ak eskonbrit, loray tap gwonde, tè a t'ap souke. Tout moun te tèt anba sou latè. 5 Epi li rete konsa, li wè de gwo dragon parèt. Yo t'ap mache kontre yonn ak lòt, prèt pou goumen. 6 Yo toude bay yon sèl gwo rèl. Lè sa a, tout nasyon sou latè pare pou y'al fè lagè ak pèp moun k'ap mache dwat devan Bondye yo. 7 Se te yon jou fènwa ak gwo dekou pou tout moun sou latè, yon jou kè kase ak lafliksyon, yon jou gwo lapenn soufrans ak gwo boulvès. 8 Dènye moun nan pèp Bondye a te boulvèse, yo te nan lapèrèz pou sa ki te prèt pou rive yo a: tout moun t'ap pare pou yo mouri. 9 Yo pran rele nan pye Bondye. Nan rèv la toujou, Bondye reponn lapriyè yo: yon ti sous dlo pete, li tounen yon gwo larivyè ak anpil dlo ladan l. 10 Yon gwo limyè parèt antan solèy la t'ap leve. Moun yo t'ap maspinen yo leve kanpe, yo kraze moun ki t'ap fè awogan yo. 11 Lè Madoche fin fè rèv sa a ki te fè l konnen sa Bondye tapral fè a, li leve nan dòmi an. Pandan tout jounen li t'ap kalkile sou rèv la nan kè li, li t'ap chache konprann sa l te vle di.Madoche sove lavi wa a 12 Apre sa, Madoche t'ap pran yon ti repo nan lakou palè a ansanm ak Gabata ak Tara, de nèg konfyans wa a ki t'ap fè pòs nan lakou a. 13 Li tande de mesye yo t'ap pale. Li pare zòrèy li byen pou l koute. Se konsa li vin konnen yo t'ap moute yon konplo pou yo te touye wa Atagzèsès. Madoche al denonse yo bay wa a. 14 Wa a fè kèsyonnen mesye yo ki rekonèt se te vre. Se konsa yo arete yo. 15 Wa a menm fè ekri tout bagay sa yo mete nan achiv li pou l pa bliye. Madoche bò pa l te kouche yo sou papye tou. 16 Apre sa, wa a mete Madoche gwo chèf nan gouvènman l lan, san konte bèl bagay li te fè l kado pou sa l te fè a. 17 Te gen yon nonm wa a te konsidere anpil. Yo te rele l Aman. Se te pitit Amadata, moun lavil Bouga. Depi lè zafè de nèg konfyans yo, mesye sòti pou l bay Madoche ak jwif moun parèy Madoche yo pwoblèm.