23(24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm!
Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
24(25) Mete Tra 1.20 ou an kòlè sou yo!
Fè yo santi jan ou fache sou yo!
25(26) Se Jòb 19.21,22; Eza 53.4 pou kay yo rete san moun.
Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
26(27) Paske Ney 4.5 yo te pèsekite moun ou t'ap pini an.
Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
27(28) Kite Egz 32.32; Eza 4.3; Eze 13.9; Lik 10.20; Fil 4.3; Eb 12.23; Rev 3.5; 13.8 yo mete sou sa yo fè deja.
Se pou ou san pitye pou yo.
28(29) Efase Sòm 20.1 non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a.
Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
29(30) Mwen Lik 1.46 nan gwo lapenn, m'ap soufri.
Bondye, pote m sekou. Mete m sou de pye m ankò.
30(31) M'a Sòm 50.13,14 chante pou Bondye, m'a fè lwanj li.
M'a di l mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
31(32) Sa Sòm 22.26 va fè Senyè a plezi pi plis
pase si m ta ofri l yon bèf,
pase si m ta ba li yon jenn towo bèf
ki fin fè kòn.
32(33) Lè Sòm 68.6 malere yo va wè sa, y'a kontan.
Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.
33(34) Senyè a Sòm 96.11 koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l.
Li pa bliye moun pa l yo lè yo nan prizon.
34(35) Se Eza 44.26 pou syèl la ansanm ak latè a,
lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.
35(36) L'a Eza 65.9 delivre peyi Siyon.
L'a rebati lavil peyi Jida yo.
Pèp li va bati kay yo la ankò.
Y'a pran tè a pou yo.
36(37) Pitit pitit sèvitè l yo va eritye peyi a.
Se la moun ki renmen l yo va viv.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.