Zakari 14 - 1998 Haitian Creole

Dènye batay la

1Gade! Men jou jijman Senyè a ap rive! Jou Lè jou sa a va rive, p'ap gen limyè, p'ap fè fredi, dlo p'ap fè glas.

7Se Mat 24.36; Rev 21.25 va yon jou ki p'ap tankou lòt jou yo. Ap fè klè nèt. P'ap gen lannwit ankò. Se Senyè a sèl ki konnen lè sa va rive.

8Lè Eze 47.1; Jowèl 2.20; Jan 4.10; Rev 22.1 jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule sòti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè.

9Lè Sòm 47.7; Mal 1.14; Ef 4.5,6 sa a, se Senyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.

10Tout Eza 2.2; 40.4; Jer 31.38; 37.13; Zak 2.4; 12.6 peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap sòti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a.

11Moun Jer 23.6; Rev 22.3 va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm.

12Senyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo.

13Jou 1 Sam 14.20; Aje 2.22 sa a, Senyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt.

14Sòlda Eze 39.10; Zak 12.2 peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite.

15Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo.

16Nan Lev 23.34,39-43; Zak 8.21 moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo.

17Si 1 Wa 17.1; Eza 60.12 yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm.

18Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Senyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou.

19Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo.

20Lè Egz 28.36; Mi 4.13 jou sa a va rive, y'a make sou ti klòch ki nan lekipay chwal yo: Apa pou Senyè a!

Batri koujin ki nan Tanp Senyè a va tankou ti bòl ki devan lotèl yo: yo va apa nèt pou Senyè a.

21Y'a Eze 44.9; Jowèl 3.17 mete tout mamit ak tout chòdyè moun yo ap sèvi lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a apa pou sèvis Senyè ki gen tout pouvwa a. Konsa, tout moun ki vle ofri yon bèt pou yo touye pou Senyè a va vin pran yonn pou yo bouyi vyann bèt yo ofri a. Lè jou sa a va rive, p'ap gen moun k'ap vann ankò nan tanp Senyè ki gen tout pouvwa a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help