1Lwanj Sòm 1.2; 104.35; 128.1 pou Senyè a!
Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a,
ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!
2Pitit Pwo 20.7 li yo va grannèg nan peyi a.
Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
3Li Pwo 3.16; 15.6 alèz lakay li, li gen anpil richès.
L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
4Nan Jòb 11.17; Sòm 111.4 mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo,
pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
5Ala Sòm 37.26 bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun,
pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
6Li Sòm 55.22; Pwo 10.7 p'ap janm bite.
Yo p'ap janm bliye l.
7Kè l Sòm 57.7; Pwo 1.33 p'ap kase lè li pran move nouvèl.
Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a.
8Anyen Sòm 54.7 p'ap brannen l, li pa pè anyen.
Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l yo.
9Li Sòm 75.10; Wòm 12.13; 2 Kor 9.9; 1 Tim 6.18 bay moun ki nan nesesite san gad dèyè.
L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l.
10Lè Jòb 8.13; Mat 8.12 mechan wè sa, li move.
Li manje dan l, kè l grenn.
Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.