Chirasid 23 - 1998 Haitian Creole

1Granmèt, papa mwen, ou menm ki mèt lavi mwen,

pa lage m pou pawòl nan bouch mwen pa fè sa yo vle avè m,

pou yo pa fè m bite, pou yo pa fè m tonbe nan peche.

2Ki moun ki va bat mwen pou lide k'ap travay nan tèt mwen,

pou bon konprann ka mete lòd nan tèt mwen?

M pa ta renmen yo fèmen je yo sou fòt mwen fè,

m pa ta renmen yo kase fèy kouvri sa pou okenn nan peche mwen fè yo.

3M'a sispann fè fòt sou fòt pou peche m yo pa vin pi plis.

Konsa, mwen p'ap tonbe anba men moun ki pa vle wè m yo, yo p'ap ka fè fèt sou do m.

4Granmèt, papa mwen, ou menm ki Bondye lavi mwen,

pa kite m gade moun ak awogans.

5Pa kite lanvi pran nanm mwen.

6Pa kite plezi lachè ak gwotanta pran tèt mwen.

Pa lage m pou lanvi san wont sa yo pa fè sa yo vle avè m.

Sèman

7Timoun mwen yo, koute sa m'ap moutre nou.

Moun ki kenbe lang yo p'ap janm wont.

8Moun k'ap fè peche yo, se pwòp pawòl nan bouch yo k'ap fè yo pran yo.

Se pawòl nan bouch k'ap fè medizan malpalan yo ak awogan yo tonbe.

9Pa tonbe nan abitid fè sèman.

Pa pran abitid sèvi ak non Bondye a pou anyen.

10Si y'ap bat yon esklav tout tan, l'ap toujou pote mak kou yo.

Konsa tou, moun ki tout tan ap fè sèman, ki tout tan ap pran non Bondye a met devan pou ti krik ti krak,

moun sa yo p'ap janm pa fè sa ki mal.

11Yon moun k'ap fè sèman tout tan tout tan, se yon moun ki fon nan fè sa ki mal.

Chatiman ap tonbe chak jou lakay li.

Si li pa respekte sèman an, l'ap koupab.

Si li pran sèman an pou jwèt, li de fwa koupab.

Si depi li t'ap fè sèman an li te konnen li pa t'ap kenbe l, yo p'ap padonnen l sa menm.

Malè gen pou tonbe sou kay li yonn apre lòt.

Gwo mo sal

12Gen pawòl moun di, yo merite lanmò pou sa.

Pa kite moun pèp Izrayèl yo sèvi ak yo,

paske moun k'ap sèvi Bondye fèt pou egzante pawòl sa yo,

yo p'ap lage kò yo nan fè sa ki mal.

13Pa pran abitid di gwo mo sal.

Se peche w'ap fè ak bouch ou.

14Chonje papa ou ak manman ou lè ou chita nan mitan chèf

pou ou pa bliye kò ou devan yo, pou ou pa fè tankou moun sòt.

Lè sa a, w'a mande poukisa ou te fèt, w'a madichonnen jou ou te fèt la.

15Si ou pran abitid ap di pawòl pou ou pa te di sou moun lasosyete,

ou p'ap janm korije jouk ou mouri.

Peche lachè

16Gen de kalite moun k'ap anpile peche sou peche.

Yon twazyèm kalite moun menm ap rale kòlè Bondye sou yo.

Anvi lachè boule kou boukan dife.

Li p'ap mouri tout tan li pa jwenn kont plezi li.

Pou yonn, gason k'ap kouri dèyè jip yo p'ap janm sispann toutotan dife a pa boule yo nèt.

17Pou gason k'ap kouri dèyè jip yo, tout fanm dous.

Yo p'ap sispann jouk jou yo mouri.

18Pou de, gason k'ap twonpe madanm yo ap di nan kè yo: Kimoun k'ap wè m?

Fè nwa! Miray yo ap bare m. Pèsonn p'ap wè mwen. Kisa pou m pè?

Ata Bondye ki anwo nan syèl la p'ap chonje sa m fè ki mal.

19Se je moun ase yo pè pou yo pa wè yo.

Konnen yo pa konnen je Granmèt la dimil fwa pi klere pase solèy la.

Yo wè dènye sa moun ap fè, yo antre nan tout ti rakwen kè moun.

20Depi anvan Bondye te kreye anyen, li te gentan konnen tout bagay.

Menm jan an tou lè yo fin fèt.

21Y'ap pini moun sa yo devan tout moun,

y'ap bare yo lè yo pa atann.

22Se menm jan an tou pou yon fanm k'ap twonpe mari l,

k'ap ba li kout pitit.

23Pou yonn, l'ap dezobeyi lalwa Bondye ki anwo nèt nan syèl la.

Pou de, li fè peche kont mari l.

Pou twa, se lage li lage kò l nan jennès lè li fè kalite adiltè sa a,

lèfini, pou l fè pitit pou yon lòt gason.

24Y'ap trennen l devan asanble a pou yo jije l,

lèfini timoun li yo ap peye konsekans sa l fè a.

25Pitit li yo p'ap ka jwenn yon plas nan sosyete a.

Yo p'ap ka fè anyen ki bon.

26Tout moun ap chonje jan madichon te tonbe sou li.

Yo p'ap janm bliye bagay lèd li te fè a.

27Men tou, moun ki vin apre l yo va konnen

pa gen anyen ki pi bon pase gen krentif pou Granmèt la.

Pa gen anyen ki pi dous pase fè sa l mande ou fè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help