Zakari 8 - 1998 Haitian Creole

Bondye pwomèt mete Jerizalèm kanpe ankò

1Senyè ki gen tout pouvwa a te bay Zakari mesay sa a:

2— Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo.

3Men Nou Jen 12.2,3; Eza 43.28; 65.15 menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouray!

14Men Det 9.7,8,22; Jer 31.28; 32.42 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò:

— Lè zansèt nou yo te fè m fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m te pini yo. Mwen pat chanje lide.

15Konsa tou, kounyeya mwen pran desizyon pou m beni moun lavil Jerizalèm ak moun fanmi Jida yo. Nou pa bezwen pè anyen.

16Men Sòm 15.2; Ef 4.25 sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt.

17Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Senyè a menm ki di sa!

18Senyè ki gen tout pouvwa a pale ak Zakari ankò, li di l konsa:

19— Jèn 2 Wa 25.1; Jer 39.2 yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.

20Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò:

— Yon lè gen pou rive moun va sòti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm.

21Moun Zak 2.11; 7.2 va sòti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Senyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Senyè a pou mande l benediksyon. Ann ale non!

22Anpil moun ap sòti nan gran peyi, y'ap vini lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a. Y'ap vin lapriyè nan pye l pou mande l benediksyon.

23Wi, 1 Kor 14.25; Rev 5.9 men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap sòti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l: Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help