1Gen moun ki fè moun repwòch mal.
Gen moun ki pito rete ak bouch yo fèmen. Sa moutre jan yo gen lespri.
2Pito ou fè yon moun repwòch
pase ou fè kòlè anndan.
3Rekonèt ou fè sa ki mal.
Yo p'ap pini ou pou sa.
4Yon moun ki konprann li ka sèvi ak lafòs pou li rann jistis,
se tankou yon nonm chatre ki vle fè kadejak sou yon jennfi.
5Gen moun ki pase pou gen bon konprann paske yo pa pale.
Yon lòt menm, afòs li pale, moun pa vle wè l.
6Gen moun ki pa pale paske yo pa konn sa pou yo di.
Yon lòt menm pe bouch li, l'ap tann lè pou l pale a.
7Moun ki gen bon konprann konnen lè pou yo pa pale ak lè pou yo pale.
Men bouch alèlè a, moun sòt la pa konn bagay konsa.
8Moun ki pale twòp la ap fè moun pa vle wè l.
Moun k'ap pwofite pozisyon chèf yo pou yo fè abi, ap fè moun rayi yo.
Sa ou te kwè a se pa sa9Malè yon moun ka fè l jwenn delivrans.
Konsa tou, yon bon zafè ka lakòz malè tonbe sou ou.
10Yon lè ou bay, sa pa rapòte ou anyen.
Yon lòt lè ou bay, sa rapòte ou de fwa lavalè.
11Gen kalite lwanj yo fè pou moun ki lakòz yo tonbe.
Gen moun lè yo fin desann yo, se lè sa a yo leve tèt yo.
12Gen moun ki konprann yo fè bèl afè lè yo achte anpil bagay pou ti kras lajan.
Men, yo peye sèt fwa pi chè pou sa.
13Lè yon moun ki gen bon konprann pale, li fè zanmi.
Moun sòt la menm te mèt bay sou bay, sa p'ap rapòte l anyen.
14Lè yon moun sòt fè ou kado kichòy, sa p'ap ou sèvi anyen,
paske li dèyè ou pou l pran nan men ou sèt fwa lavalè.
15Li bay ti kras, epi tout tan l'ap fè ou repwòch.
L'ap mache di sa tankou moun k'ap fè piblikasyon nan kalfou yo.
Li poko prete ou jòdi a, denmen li gentan ap mande ou renmèt.
Moun konsa fè moun rayi yo.
16Lè sa a, nèg sòt la ap di: M pa gen zanmi!
Pèsonn pa di m mèsi pou byen mwen fè pou yo.
17Moun k'ap manje manje m, se yo ankò k'ap pale m mal.
Li gen rezon di sa sitèlman moun ap pase l nan rizib.
Pawòl ki pa chita18Pito ou bite sou yon wòch pase pou ou kite bouch ou chape.
Se konsa mechan yo ap rete konsa, y'ap bite, y'ap tonbe.
19Yon moun ki san lizay, se tankou yon vye istwa ki pa chita ak sa y'ap pale a.
Se enbesil ase k'ap mache repete l.
20Yon pwovèb sonnen mal nan bouch moun sòt,
paske li pa di l lè pou l ta di l la.
21Gen moun se pòv yo pòv kifè yo pa fè sa ki mal.
Lè yo pa gen anyen pou yo fè, konsyans yo p'ap boulvèse yo.
22Gen moun k'ap pèdi tèt yo paske yo pa vle wont.
Wi, gen moun ki pè pale devan moun sòt.
23Gen moun ki wont di yon zanmi non. L'ap pwomèt li nenpòt bagay.
Men, se fè li fè yon lènmi san rezon.
Manti24Bay manti, se yonn nan pi gwo vis yon moun ka genyen.
Se tout tan moun sòt ap bay manti.
25Pito ou annafè ak yon vòlò pase ou annafè ak yon papa mantò.
Tout jan, tou de ap fini mal.
26Abitid bay manti a se yon gwo vis.
Se tout tan y'ap fè moun konsa wont.
Moun ki gen bon konprann27Moun ki gen bon konprann, lè yo pale, yo fè chemen yo nan lavi.
Grannèg gen konsiderasyon pou moun ki gen konprann.
28Moun ki kiltive latè ap fè bon rekòt.
Konsa, moun ki fè grannèg kontan ak yo, y'ap jwenn padon pou sa yo fè ki mal.
29Kado ak lajan anba tab fè moun ki gen bon konprann yo pa wè verite a.
Se tankou mare ou mare bouch yo pou yo pa ka kritike sa k'ap fèt.
30Lè ou kenbe bon konprann ou pou ou menm, se tankou yon richès ou kache pou moun pa wè.
Ni yonn ni lòt p'ap sèvi ou anyen.
31Men, moun k'ap kache pou moun pa wè yo fou yo pi bon
pase moun k'ap kache pou moun pa wè yo gen bon konprann.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.