Kolosyen 1 - 1998 Haitian Creole

Salitasyon

1Mwen menm Pòl, apot Jezikri selon volonte Bondye, Ef 1.1 ak Timote frè nou, k'ap ekri lèt sa a

2voye Wòm 1.7; Ef 1.2 bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze.

Pòl ap di Bondye mèsi pou frè yo

3Mwen Ef 1.16; 1 Tes 1.2,3 pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou.

4Mwen 1 Kor 13.13; Ef 1.15 pran nouvèl jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.

5Depi 1 Pyè 1.4; Ef 1.13,18 premye jou yo fè nou konnen bonnouvèl la ki se yon mesaj verite, nou gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen konfyans sa a ak tout renmen nan kè nou.

6Bon 1 Tim 3.16; Ef 1.13 nouvèl la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bòn nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l toupatou sou latè.

7Se Kol 4.12 Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m, ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la.

8Se li menm ki fè m konnen renmen Lespri Bondye a ban nou.

9Se Ef 1.8,9,15-17; Fil 1.9 poutèt sa, nou pa janm sispann lapriyè pou nou depi jou nou vin konn sa. Nou mande Bondye pou li fè nou fin konn volonte li nèt, grasa lespri epi bon konprann Sentespri ban nou.

10Konsa, Ef 1.17; 2.10; 4.1; Fil 1.27 n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.

11Nou 1 Kor 1.5; Ef 1.18,19; 3.16 mande Bondye, ak tout pouvwa li, pou li fòtifye nou tout jan pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans.

12Ak Ef 1.11,18 kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a.

13Li Kol 2.15; Lik 22.53; Ef 2.2; 6.12; 1.6 rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

14Se Ef 1.7 gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.

Sekrè travay Kris la

15Kris Eb 1.3; 2 Kor 4.4; 1 Tim 6.16; Jan 1.18 se pòtre Bondye envizib la. Li se premyene, li la anvan tout sa Bondye kreye.

16Se Jan 1.3,10; Ef 1.10,21 ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo.

17Kris Pwo 8.25-27; Ef 1.22 la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.

18Se Ef 1.22; 4.15; 5.23; Tra 4.2; 26.23; Rev 1.5 li ki tèt legliz la. Legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm premye ki resisite nan lanmò pou li ka gen premye plas nan tout bagay.

19Se Ef 1.23; Kol 2.9; Jan 1.16 Bondye menm ki te vle pou tou sa l ye a, se sa pou Kris la ye tou.

20Se Ef 1.7,10; 2.13; 1 Jan 2.2 li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.

21Nou Ef 2.1,12; 4.18; Wòm 5.10 menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.

22Men Ef 2.11,14,16; 5.27 koulyeya, gremesi Kris la ki mouri tankou tout moun lan, Bondye rekonsilye nou ak li pou nou ka parèt devan li tankou moun k'ap viv apa pou li, san tach, san repwòch.

23Men, Mak 16.15; 1 Tim 3.16; Ef 3.17; Eb 3.14 gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bòn nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.

Travay Bondye bay Pòl fè pou legliz

24Kounyeya, mwen Ef 3.1,13 kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m konsa, m'ap bay pòsyon pa m pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.

25Wi, Ef 3.2,7,8 m'ap sèvi legliz la kounyeya dapre travay Bondye ban m fè pou nou an: travay sa a se pou m anonse tout bagay ki nan mesay li a,

26pou m Wòm 16.25,26; Ef 3.3,5,9,10 fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pèsonn pat konnen l. Men kounyeya, li devwale l bay tout moun ki pou li.

27Paske, 1 Tim 1.1; Wòm 16.25; Ef 3.9; 1.18 Bondye vle fè moun pa li yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris ap viv nan lavi nou tou, li ban nou espwa nou gen pou nou patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.

28Konsa, Ef 4.13 m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.

29Se Fil 4.13; Ef 3.7,20 pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help