1(3) Bondye, 1 Sam 23.15; Sòm 86.14 delivre m non avèk pouvwa ou!
Fè m jistis avèk fòs kouray ou!
2(4) Bondye, Sòm 118.6,7; Eza 41.10 koute m non lè m'ap lapriyè!
Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!
3(5) Paske Sòm 143.12 gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m,
yon bann mechan ki sòti pou touye m!
Yo pa menm chonje si gen Bondye!
4(6) Men, Sòm 52.9 Bondye ap vin ede m.
Senyè a ap pran defans mwen.
5(7) L'ap Sòm 59.10; 92.11; 112.8; 118.7 fè mechanste moun ki pa vle wè m yo tonbe sou tèt yo;
l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
6(8) Senyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan,
m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.
7(9) Ou delivre m anba tray mwen te ye a;
ou fè m wè lènmi m yo pèdi batay la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.