Sòm 79 - 1998 Haitian Creole

SÒM 79 (78)Lapriyè pou mande delivrans peyi a(1a) Se 2 Wa 25.9; Sòm 74.2,7; Jer 26.18; Lam 1.10; Mi 3.12 yon sòm Asaf.

1(1b) Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a!

Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li.

Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.

2Yo Det 28.26; Jer 7.33 kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwazo nan syèl vin manje.

Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo

pou bèt bwa vin manje.

3Yo Jer 14.16 fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè.

San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm.

Pat gen pèsonn pou antere kadav yo!

4Ou Sòm 44.13; Da 9.16 fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz.

Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou,

y'ap pase nou nan rizib.

5Senyè! Det 29.20; Sòm 13.1; Eze 36.5 jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan?

Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?

6Mete Sòm 14.4; Jer 10.25; Sof 3.8 ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo,

sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.

7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo,

yo fin ravaje peyi kote yo rete a.

8Tanpri, Sòm 116.6; Eza 64.9; Jer 11.10 pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè.

Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou,

paske nou fin dekouraje nèt.

9O Sòm 23.3; Jer 14.7 Bondye, ou menm ki delivrans nou,

fè konnen se ou ki gen pouvwa! Vin pote nou sekou.

Delivre nou, padonnen peche nou yo

pou moun ka fè lwanj ou.

10Poukisa Sòm 42.3; 94.1 moun lòt nasyon yo ap mande nou:

— Kote Bondye nou an!

Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini

moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!

11Koute Sòm 102.20 jan prizonye yo ap plenn non!

Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non.

12Senyè, Lev 26.21,28; Eza 65.6,7 rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy

pou tout joure yo joure ou yo.

13Lè Sòm 74.1; Eza 43.21 sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo,

nou p'ap janm sispann di ou mèsi.

Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help