1Apre sa, nonm lan mennen m tounen devan
14Separe Jen 12.7; Nonb 34.2 tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.
15Sou Nonb 34.3-12 bò nò, fontyè a va sòti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la.
16L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fontyè peyi Oran an.
17Konsa, fontyè nò peyi a sòti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fontyè peyi Damas ak peyi Amat.
18Sou bò solèy leve, fontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a.
19Sou bò sid la, fontyè a ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, sòti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a.
20Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat.
21N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo.
22N'a Egz 12.48,49; Eza 14.1; Eze 45.1; Wòm 10.12; Ef 3.6; Kol 3.11 separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo.
23Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.