1Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi 1 Wa 19.8 Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.
2Zanj Tra 7.30-35 Senyè a Eza 63.9 parèt devan l sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.
3Lè sa a, Moyiz di nan kè li:
— Kite mwen pwoche pi pre pou mwen wè mèvèy sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule a?
4Lè Det 33.16 Senyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l, li di:
— Moyiz! Moyiz!
Moyiz reponn:
— Men mwen wi.
5Bondye Joz 5.15; Ekl 5.1 di:
— Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou. Paske kote ou kanpe a, se yon tè ki apa.
6Bondye Jen 28.13; 1 Wa 18.36; 19.13; Mak 12.26 di ankò:
— Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la.
Moyiz bouche figi l, paske li te pè gade Bondye.
7Senyè a Egz 2.23,24; 5.13,14; Ney 9.9 di:
— Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.
8Mwen Jen 11.5,7; 15.18-21; 18.21; Egz 12.51; Det 8.7-9; 26.9 desann pou m vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m fè yo sòti nan peyi Lejip la, pou m mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
9Bondye Egz 1.11-14,22; 2.23 di ankò:
— Kounyeya menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.
10Kounyeya, ale! Sòm 105.26 Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an sòti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi sa a.
11Moyiz Egz 6.12; 1 Wa 3.7,8; Jer 1.6 di Bondye:
— Ki moun mwen ye menm pou m ta penmèt mwen ale bò kote farawon an pou m fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip?
12Bondye Egz 4.12,15; 19.1-25; Det 31.8; Joz 1.5 di l:
— M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la sòti kite peyi Lejip, n'a sèvi m sou mòn sa a.
13Moyiz Jen 32.29 di Bondye konsa:
— Bon. Kounyeya, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m: Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m reponn yo?
14Bondye Egz 6.3; Sòm 68.4; Jan 8.58; Eb 13.8; Rev 1.4; 4.8 di Moyiz:
— Sa m ye a se sa m ye.
Apre sa li di ankò:
— W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo.
15Bondye Egz 3.6; Sòm 135.13; Oze 12.5 di Moyiz ankò:
— Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m sou latè de tit an tit.
16Ale Jen 50.24; Egz 2.25; 4.31; Lik 1.68 non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m pou m di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.
17Se Egz 3.8 poutèt sa mwen di: M'ap fè nou sòti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
18Chèf Egz 4.31; 5.1; Nonb 23.3,4,15,16 fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, w'a va ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Senyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n'al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an.
19Mwen Egz 6.1 konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l.
20Se Egz 4.21; 12.31; Det 6.22; Ney 9.10; Jer 32.20; Tra 7.36 poutèt sa, m'ap lonje men m, m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, la kite nou ale.
21M'a Egz 11.3; 12.36 fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap sòti san anyen nan men nou.
22Chak Jen 15.14; Egz 11.2; 12.35; 33.6; Eze 39.10 fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.