1Nan lanne sansenkanteyen (151), Demetriyis, pitit gason Selesis la, kite lavil Wòm avèk yon ponyen moun pa li, li debake nan yon lavil ki bò lanmè a, epi li fè yo nonmen l wa.
2Lè sa a, antan l'ap vwayaje pou l'al pran plas wa li sou fòtèy zansèt li yo, lame a mete men sou Antyokis ansanm ak Liziyas pou mennen yo ba li.
3Lè yo vin di Demetriyis sa, li di konsa:
— M pa bezwen wè figi yo menm!
4Lame a touye Antyokis ak Liziyas. Se konsa Demetriyis moute chita sou fòtèy wa a.
5Tout jwif ki te vire do bay Bondye epi ki t'ap fè sa ki mal yo al jwenn wa a. Se Alkim, yon jwif ki te dèyè pozisyon granprèt la, ki te aladwat yo.
6Yo akize jwif parèy yo devan wa a, yo di konsa:
— Jida ansanm ak frè l yo fin touye patizan ou yo, lèfini yo mete nou deyò nan pwòp peyi nou.
7Tanpri, kounyeya voye yon moun konfyans ou pou l'al wè ak je li tout dega Jida ak frè l yo fè lakay nou ak nan peyi wa a, lèfini pou l pini yo ansanm ak tout moun k'ap soutni yo nan sa y'ap fè a.
8Wa Demetriyis chwazi Bakidès, yonn nan konseye l yo ki te reskonsab zòn ki lòt bò larivyè Lefrat la, yon gwo zotobre nan peyi wa a ak yon bon zanmi wa a.
9Li voye l ansanm ak Alkim, jwif ki te vire do bay Bondye a. Men anvan sa, li te bay Alkim pozisyon granprèt la. Li bay Bakidès lòd pou li tire revanj sou jwif yo.
10Mesye yo pati avèk yon gwo lame sòlda, yo antre nan peyi Jide. Lè yo rive, yo voye mesaje bay Jida ansanm ak frè l yo pou twonpe yo, pou ofri yo lapè.
11Men, lè Jida ak frè l yo wè kalite gwo lame sa a yo te mennen ak yo a, yo pa okipe mesay yo.
12Lè sa a, yon delegasyon dirèktè lalwa al kay Alkim ak Bakidès pou chache regle zafè a dapre lalwa peyi a.
13Jwif sa yo se te moun ki te renmen peyi yo epi ki pat lage pye Bondye. Se Asideyen yo te ye. Se yo menm premye moun nan pèp Izrayèl la k'al mande Alkim ak Bakidès lapè.
14Yo t'ap di:
— Se yon prèt moun laras Arawon ki vini ak lame moun sa yo. Yo p'ap fè nou anyen.
15Alkim pale ak yo tankou yon moun ki vle zanmi ak yo. Li fè sèman, li ba yo garanti moun sa yo pa vin pou fè ni yo ni moun pa yo mal.
16Asideyen yo kwè yo. Men, menm jou a, Alkim fè arete swasant ladan yo, li fè touye yo lapoula, jan sa ekri nan Liv la:
17Yo gaye kadav moun k'ap viv apa pou ou yo,
Yo mache simen san yo fè wonn lavil Jerizalèm.
Pa te gen pèsonn moun pou antere yo.
18Lè sa a, yon sèl lapèrèz ak kè sote pran moun pèp Izrayèl yo, yo t'ap di:
— Bonjou moun sa yo pa laverite. Yo pa respekte anyen, paske yo pa kenbe pawòl ak sèman yo te fè a.
19Apre sa, Bakidès kite lavil Jerizalèm, li moute kan li lavil Bètzayit. Antan li la, li voye arete anpil nan grannèg jwif ki te vin mete tèt yo ansanm avè l. Li fè arete moun nan pèp la tou. Li touye yo tout, epi li fè lage kadav yo nan gwo pi a.
20Apre sa, li renmèt pwovens la nan men Alkim. Li kite yon pòsyon nan lame li a ansanm ak Alkim pou soutni l, epi li tounen al jwenn wa a.
21Se pa de goumen Alkim pa goumen pou l te ka rive jwenn plas granprèt la.
22Tout moun ki t'ap mete dezòd nan pèp la vin mete tèt yo ansanm avè l. Yo pran peyi Jide a pou yo, yo fè anpil mechanste nan pèp Izrayèl la.
23Lè Jida wè sa Alkim ak moun pa l yo t'ap fè pèp Izrayèl la pase a te pi mal lontan pase sa moun lòt nasyon yo te fè a,
24li mache nan tout peyi Jide a, li touye anpil nan grannèg jwif ki te al mete tèt yo ansanm ak Alkim. Konsa, yo pa te ka fè ale vini yo nan zòn lan ankò.
25Lè Alkim wè jan Jida ak moun pa l yo t'ap pran fòs, li rekonèt li p'ap ka kenbe tèt ak yo, li tounen tounen l al jwenn wa a, lal fè rapò sou Jida ak frè l yo, li di yo fè yon bann movezak ak gwo mechanste.
Wa a voye Nikanò nan peyi Jide(2 Makabe 14.5-36)26Lè sa a, wa a voye Nikanò, yonn nan pi gwo chèf lame li a tout moun te konnen, yon nonm ki pa te vle wè jwif yo epi ki te sòti pou fini ak yo. Wa a ba li lòd pou li touye dènye moun nan pèp jwif la.
27Nikanò rive lavil Jerizalèm avèk yon gwo lame, epi li fente, li voye mesaje bò kote Jida ak frè l yo pou ofri yo fè lapè. Li voye di yo konsa:
28— Nou pa bezwen fè lagè yonn ak lòt. M'ap vin jwenn nou an zanmi ak yon ti ponyen moun pou yon vizit.
29Li rive vre lakay Jida. Mesye yo yonn salwe lòt an zanmi. Men, Nikanò te fè plan pou li te mete men sou Jida pou pati avè l.
30Lè Jida vin wè Nikanò te vin fè l vizit sa a avèk move lide dèyè tèt li, li vin pè li, li derefize resevwa l ankò.
31Lè sa a, Nikanò vin konprann yo te dekouvri plan li a. Sa li fè? Li mache sou Jida ak lame li a pou li goumen avè l bò lavil Kafasalama.
32Nan lame Nikanò a te gen senksan (500) moun konsa ki mouri, rès yo kouri chape kò yo nan lavil David la.
Nikanò pwomèt l'ap boule tanp lan si Jida pa rann tèt li33Apre tout levenman sa yo, Nikanò moute al sou mòn Siyon an. Prèt yo sòti nan tanp lan, y'al rankontre l ansanm ak kèk chèf fanmi pou resevwa l an zanmi. Yo moutre l ofrann bèt yo te touye bay Bondye pou wa a.
34Men, Nikanò pase yo nan betiz, li mete yo nan yon wonn tenten, li krache sou yo pou mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Li pale avèk awogans sou yo,
35li joure yo byen joure. Li t'ap di konsa:
— Si nou pa prese renmèt mwen Jida ansanm ak tout lame li a, lè ma tounen sot nan batay la, m'ap mete dife nan tanp lan.
Epi li vire do l, l'ale byen move.
36Lamenm prèt yo antre nan tanp lan, yo kanpe devan lotèl la, devan kote ki apa nèt pou Bondye a. Dlo nan je, yo t'ap di:
37— Ou menm ki te chwazi kay sa a pou pote non ou, pou l te ka yon kay kote pou pèp ou a vin lapriyè, kote pou yo mete ajenou nan pye ou,
38tanpri, tire revanj ou sou nonm sa a ak sou lame li a. Fè yo mouri nan batay la. Chonje tout pawòl derespektan yo te di sou ou yo. Kite yo san souf!
Nikanò mouri(2 Makabe 15.1-36)39Lè Nikanò sòti kite lavil Jerizalèm, l'al kanpe lavil Bètowon kote yon lame sòti peyi Siri vin jwenn li.
40Jida menm moute kan li lavil Adasa ak twamil (3.000) moun. Epi li lapriyè konsa:
41— Yon lè te gen kèk mesaje yon wa te voye ki te vin pale Bondye mal. Zanj Bondye a te desann, li touye sankatrevensenkmil (185.000) sòlda nan lame yo a.
42Jòdi a, tanpri kraze lame sa a devan nou, pou tout lòt nasyon yo ka konnen Nikanò te pale ou mal, li te derespekte kay ki apa pou Bondye a. Se pou ou jije l jan li merite l pou mechanste li fè yo.
43Nan trèzyèm jou mwa Ada a, de lame yo fè faskare. Lame Jida a netye lame Nikanò a. Premye moun ki mouri nan batay la se te Nikanò.
44Lè sòlda Nikanò yo wè Nikanò tonbe, yo jete zam yo atè, yo di pye sa nou manje nou pa te ba ou!
45Jwif yo pran kouri dèyè yo pandan tout jounen an, depi Adasa rive Gezè. Yo t'ap kònen klewon nan zòrèy yo.
46Jwif yo sòti nan tout ti bouk peyi Jide ki te nan zòn lan, yo sènen moun ki t'ap kouri yo, yo fòse yo tounen al goumen ak moun ki t'ap rapousib yo. Se konsa, yo tout mouri nan batay la, yo yonn pa chape.
47Jwif yo ranmase tou sa lènmi yo te genyen ak tou sa yo te pran nan men jwif yo, yo reprann yo. Yo koupe tèt Nikanò ak men dwat li te leve avèk awogans sou Bondye a, yo pote yo lavil Jerizalèm kote yo espoze yo pou tout moun wè.
48Se pa de kontan pèp la te kontan. Yo fè fèt jou sa a tankou yon jou yo te mete apa pou sa.
49Yo pase lòd pou tout moun chak lanne nan trèzyèm jou mwa Ada a pou yo fete jou sa a.
50Apre sa, peyi Jide a pase yon ti tan san fè lagè ak pèsonn.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.