1Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil
34Dimil Jij 20.41 (10.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pat ankò konprann batay la ta pral vire mal pou yo.
35Senyè a Jij 20.15,44,47 fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san (25.100) sòlda nan moun Benjamen yo.
36Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t'ap pèdi batay la vre.
Izrayèl genyen batay laMoun pèp Izrayèl yo menm t'ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a.
37Mesye Joz 8.19 sa yo kouri sòti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l.
38Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nyaj lafimen an ap moute sòti nan lavil la,
39moun Jij 20.31,32 Izrayèl yo vire fè faskare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gentan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa:
— Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an.
40Lamenm Joz 8.20 siyal la parèt. Nyaj lafimen an konmanse moute sòti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la.
41Moun Jij 20.34 Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, lapèrèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la ta pral pase mal pou yo.
42Yo Joz 8.24 pran kouri pou moun Izrayèl yo, yo pran wout dezè a pou yo. Men, li te twò ta, yo pat ka chape ankò. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayèl la yon bò ak sòlda ki t'ap sòti lavil la lòt bò. Yo tout mouri.
43Moun Izrayèl yo kouri dèyè yo san rete, yo touye yo yonn apre lòt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bò solèy leve.
44Yo touye dizwitmil (18.000) moun nan pi bon sòlda moun Benjamen yo.
45Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil (5.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dèyè rès la jouk Gideyon. Yo touye demil (2.000) ladan yo.
46Jou Jij 20.35 sa a, yo te touye vennsenkmil (25.000) moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen.
47Men, Jij 21.12-14 gen sisan (600) nan moun ki te kouri al nan dezè a, bò Wòch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa.
48Moun Izrayèl yo menm tounen dèyè lòt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bèt ak tout lòt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.