1Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2— Kilè Jòb 15.2 w'a sispann pale jan w'ap pale a?
Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!
3Bondye Jen 18.25; Det 32.4; 2 Kwo 19.7; Jòb 34.12; Wòm 3.5 pa nan lenjistis.
Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.
4Si Jòb 1.5 pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo,
li fè yo peye sa yo fè a.
5Ou Jòb 5.8 menm menm, rele Bondye.
Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.
6Si Sòm 7.6; Pwo 3.33 li pa gen anyen pou l repwoche ou,
si ou toujou mache dwat devan li,
lè sa a, ou mèt sèten, la fè kichòy pou ou,
l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.
7Tou Jòb 42.12; Jak 5.11 sa ou te gen anvan an p'ap anyen
devan sa Bondye pral ba ou a.
8Chache Det 4.32; 32.7; Jòb 15.18 konnen sa ki te pase nan tan lontan.
Gade sa ki te rive zansèt nou yo.
9Nou Jòb 14.2 menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen.
Se pase n'ap pase sou tè a.
10Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay.
Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.
11Se Jen 41.2; Eza 18.2 nan marekay ou jwenn jon.
Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.
12Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt,
lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l,
premye zèb ki fennen se li menm.
13Se Sòm 9.17; Pwo 10.28; Jòb 27.8 menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye.
Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.
14Konfyans Eza 59.5 yo pa chita sou anyen.
Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.
15Si Jòb 27.18 yo panche sou li, l ale.
Si yo kenbe l fò, y'ap blayi atè ansanm avè l.
16Mechan Sòm 80.11 yo pouse tankou move zèb nan solèy.
Yo pran tout jaden an pou yo.
17Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo.
Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.
18Rache Jòb 7.8,10 ou rache yo
pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.
19Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an.
Se lòt k'ap pouse nan plas li.
20Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l fèm.
Ni li pa janm lonje men l pou l soutni mechan yo.
21La Sòm 126.2 fè kè ou kontan ankò,
bouch ou pral chante bèl chante pou li.
22Men, Sòm 35.26; 132.18 l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont.
Fanmi mechan yo va disparèt.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.