Sòm 81 - 1998 Haitian Creole

SÒM 81 (80)Chante pou lè gen fèt(1) Pou Sòm 66.1 chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf.

1(2) Chante Egz 15.20; Sòm 33.2 ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou!

Fè fèt pou Bondye Jakòb la!

2(3) Konmanse Lev 23.24; Nonb 10.10 chante a. Bat tanbouren yo!

Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.

3(4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la,

lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!

4(5) Se Egz 11.4; Sòm 78.5; 114.1 yon lwa nan peyi Izrayèl,

se yon lòd Bondye Jakòb la bay!

5(6) Bondye Egz 1.11 te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo,

lè li te fè yo sòti nan peyi Lejip la.

Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m konsa:

6(7) Se Egz 2.23; 14.10; 19.19; Nonb 20.13 mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an.

Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.

7(8) Lè Sòm 50.7 nou te anba tray, nou te rele m, mwen te delivre nou.

Mwen reponn nou nan loray kote m te kache a.

Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m,

lè nou te bò sous dlo Meriba a.

8(9) Koute m Egz 20.3; Eza 43.12 non lè m'ap avèti nou, pèp mwen!

Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m!

9(10) Piga Egz 20.2 nou janm sèvi lòt bondye,

piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!

10(11) Se Egz 32.1; Pwo 1.30 mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.

Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la.

Louvri bouch nou, m'a plen l ak pawòl mwen!

11(12) Men, Jer 7.24; Tra 7.42; Wòm 1.24 pèp mwen an pa koute m.

Pèp Izrayèl la pa obeyi m.

12(13) Lè m Det 5.29; Eza 48.18; Mat 23.37 wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo,

mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.

13(14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m.

Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!

14(15) Anvan Sòm 18.44 yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont,

mwen ta kraze tout lènmi yo.

15(16) Moun Det 32.13,14; Sòm 147.14 ki rayi Senyè a ta vin flate yo.

Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.

16(17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje.

Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki sòti nan twou wòch!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help