1Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
15Ou Lev 26.22 ankò, mwen ta ka voye bèt sovay touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovay sa yo.
16Si twa moun sa yo ta nan mitan yo, jan nou konnen mwen vivan vre a, — se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale, — yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki t'ap sove. Tout peyi a t'ap tounen yon dezè.
17Ou Lev 26.25 ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.
18Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, — se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale, — yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove.
19Si 2 Sam 24.15; Eze 7.8; 38.22 mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m ta voye yon maladi san renmèd pou m touye ni moun ni bèt,
20epi si Noye, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, — se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale, — yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat.
21Men Eze 5.17; 33.27; Rev 6.8 sa Senyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovay ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.
22Men, Eze 6.8; 16.54 si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y'a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n'a wè si m pat gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm.
23Wi, Jer 22.8,9 lè n'a wè jan moun sa yo ap viv ak sa y'ap fè, n'a konnen mwen gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m'fè li a. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.