1Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki Mat 18.15; Jak 5.19 pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.
2Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.
3Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li.
4Chak 2 Kor 13.5 moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè.
5Paske, Wòm 14.12 chak moun gen chay pa yo.
6Moun 1 Kor 9.14 k'ap resevwa Bòn Nouvèl la fèt pou separe tout byen l yo ak moun k'ap ba li l la.
7Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
8Moun Wòm 8.13; Jan 6.63; 3.6 ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
9Pa 2 Tes 3.13 janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.
10Se 2 Pyè 1.7 sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
Dènye avètisman ak gwo bonjou11Gade gwosè fòm lèt yo, se nou ak pwòp men m', mwen ekri nou!
12Moun Gal 5.11; Fil 3.18 nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y'ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la.
13Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou.
14Pou 1 Kor 1.31; 2.2 mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.
15Kit Gal 5.6; 1 Kor 7.19; Fil 3.3 ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.
16Pou Sòm 125.5; 128.6 tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l ba yo kè poze, pou l gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a.
17Apre 2 Kor 4.10 sa, piga pèsonn ban m traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye.
18Frè m yo, se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.