1Menm jou lannwit sa a, wa a pat
9Chwazi Jen 41.43 yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li.
10Lè Lik 14.11 sa a, wa a di Aman:
— Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. W'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a.
11Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li.
12Apre 2 Sam 15.30 sa, Madoche tounen tounen l bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l sitèlman li te wont.
13Li rakonte madanm li ak tout zanmi l yo tou sa ki te rive l. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l yo ki te gen bon konprann di l konsa:
— Si Madoche se yon jwif vre, kounyeya ou p'ap ka fè l anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou.
14Zanmi l Estè 5.8 yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l ale touswit nan fèt Estè te pare a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.