Sòm 111 - 1998 Haitian Creole

SÒM 111 (110)Lwanj Senyè a pou sa li fè

1Lwanj Sòm 104.35; 138.1 pou Senyè a!

M'a fè lwanj Senyè a ak tout kè m,

nan mitan moun ki mache dwat yo,

nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.

2Bagay Sòm 92.5; 139.14; Rev 15.3 Senyè a fè se gwo zafè!

Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.

3Tou Sòm 112.3,9; 145.5 sa li fè, se respè, se chapo ba.

Jistis li la pou tout tan.

4Senyè a Sòm 86.15 pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo.

Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.

5Li Sòm 34.9,10; 105.8; Mat 6.31-33 bay moun ki gen krentif pou li manje,

li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.

6Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè.

Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.

7L'ap Sòm 19.7 kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè.

Nou mèt konte sou kòmandman li yo.

8Yo Eza 40.8; Mat 5.18; Rev 15.3 la pou tout tan, paske se bagay ki dwat,

se bagay ki vre.

9Li Sòm 133.3; Lik 1.49,68 delivre pèp li a,

li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase.

Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!

10Lè Det 4.6; Jòb 28.28; Pwo 1.7; 3.4; 9.10 ou gen krentif pou Bondye,

se lè sa a ou konmanse gen bon konprann!

Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman.

Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help