Travay 27 - 1998 Haitian Creole

Yo fè Pòl pati pou lavil Wòm

1Lè yo deside pou anbake nou abò pou moun antou abò batiman an.

38Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.

Bato a fè nofraj

39Lè solèy leve, maren yo pat rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la.

40Yo lage lank. Yo demare kòd ki kenbe zaviwon gouvènay la. Yo ise vwal devan batiman an pou van an pouse li tou dwat devan yo. Yo mete kap sou rivaj la.

41Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.

42Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pat naje sove.

43Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y'al atè.

44Lòt Tra 27.22-25 moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help