Jenèz 1 - 1998 Haitian Creole

Istwa kreyasyon an

1Nan Jòb 38.4-7; Eza 42.5; 45.18; Jan 1.3; Kol 1.16; Eb 1.10; 11.3; Rev 4.11 konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.

2Men Jer 4.23 latè pat gen fòm, li pat gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plannen sou dlo ki te kouvri tout latè.

3Bondye 2 Kor 4.6 di: Se pou limyè fèt.

Epi limyè te fèt.

4Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò.

5Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te premye jou a.

6Bondye Jòb 37.18; Sòm 33.6; Jer 10.12 di ankò: Se pou gen yon vout nan mitan pou separe dlo a fè de.

7Bondye fè vout la separe dlo a fè de: yon pati anwo, yon pati anba. Se konsa sa te pase.

8Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te dezyèm jou a.

9Bondye Jòb 38.8,10,11; Sòm 33.7; 95.5; Jer 5.22 di ankò: Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt.

Se konsa sa te pase.

10Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon.

11Bondye Sòm 104.14 di: Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo.

Se konsa sa te pase.

12Tè a pouse tout kalite plant: plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon.

13Yon lannwit pase, yon maten rive: se te twazyèm jou a.

14Bondye Sòm 104.19; Jer 10.2; Jowèl 2.30,31; Mat 24.29; Lik 21.25 di ankò: Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.

15Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a.

Se konsa sa te pase.

16Bondye Det 4.19; Sòm 136.7-9 fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou.

17Li mete yo nan syèl la pou klere latè a,

18pou Jer 31.35 kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon.

19Yon lannwit pase, yon maten rive: se te katriyèm jou a.

20Bondye di ankò: Se pou dlo a kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo yo vole nan syèl la anlè tè a.

21Bondye Sòm 104.25,26 kreye gwo bèt nan lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ak tout kalite zwazo.

Bondye gade sa li fè a, li wè li bon.

22Bondye beni yo, li di yo: Fè pitit, fè anpil anpil pitit plen lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tou peple tè a.

23Yon lannwit pase, yon maten rive: se te senkyèm jou a.

24Bondye di ankò: Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa.

Se konsa sa te pase.

25Bondye fè tout kalite bèt: bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki mache sou vant. Li gade sa li fè a, li wè li bon.

26Bondye Jen 3.22; 5.1; 9.6; 11.7; Sòm 8.6-8; Eza 6.8; Jak 3.7,9 di ankò: Annou fè moun. N'ap fè li pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L'a gen pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl, sou tout bèt yo gade sou tout tè a, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki mache sou vant sou latè.

27Bondye Mal 2.14,15; Mat 19.4; Mak 10.6; 1 Kor 11.7; Ef 4.24; Kol 3.10 kreye moun:

li fè l pòtre ak li.

Li kreye yo gason ak fi.

28Li Jen 9.1,7; Lev 26.9; 1 Tim 4.3 beni yo, li di:

Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a.

Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè,

sou zwazo nan syèl

ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè.

29Bondye Jòb 36.31; Sòm 104.14,15; 145.15,16 di: Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.

30Men, Sòm 104.27,28; 147.9 tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje.

Se konsa sa te pase.

31Bondye Sòm 104.24; 1 Tim 4.4 gade sa l te fè a, li wè l bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te sizyèm jou a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help