1Se pou tout moun soumèt anba otorite Tit 3.1; Jan 19.11; Pwo 8.15 ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.
2Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo.
3Tande 1 Pyè 2.13,14; 3.13 byen: moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun k'ap aji mal ki pou pè. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen. Se lwanj ase w'a resevwa nan men yo.
4Paske Sòm 82.6; Wòm 12.19 chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa pini moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap pini moun ki fè sa ki mal.
5Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen.
6Se poutèt sa nou peye taks. Paske moun k'ap ranmase yo a, se nan sèvis Bondye yo ye. Se pou yo fè travay yo ak konsyans.
7Peye Mat 22.21 chak moun sa ou dwe yo. Peye enpo kote pou peye enpo. Peye taks kote pou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen onè respè pou moun ou dwe gen onè respè.
Nou dwe renmen tout moun8Pa Gal 5.14; 1 Tim 1.5 fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.
9Se Egz 20.13-17; Lev 19.18; Det 5.17 konsa, ou wè kòmandman sa yo: “Piga ou janm fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay touye moun. Piga ou janm vòlò. Piga ou pote lanvi sou sa ki pa pou ou”. Kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: “Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou”.
10Moun 1 Kor 13.4; Mat 22.40 ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Pare kò nou: Kris la ap vini11Se Ef 5.14; 1 Tes 5.6,7 sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan.
12Nwit 1 Jan 2.8; Ef 5.11; 2 Tim 1.10 lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.
13Ann Lik 21.34; Ef 5.18 mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi.
14Se Gal 3.27 pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.