1Madichon pou chèf k'ap ekri dekrè !
Men y'ap travèse peyi Migwon!
Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.
29Yo travèse pas la!
Yo pase nwit lan lavil Geba!
Moun lavil Rama yo ap tranble.
Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.
30Nou menm moun lavil Gatim, pete rele!
Nou menm moun lavil Layich, mache sou piga nou!
Nou menm moun lavil Anatòt, nou nan ka!
31Moun lavil Madmena yo chape kò yo.
Moun lavil Gebim yo al kache.
32Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb.
L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo.
L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.
33Senyè Eza 10.18; Eze 31.3; Na 1.12 sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo
tankou branch bwa y'ap koupe mete atè.
L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo.
Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
34L'ap koupe yo tankou yo mete rach nan gwo pyebwa.
Peyi Liban an pral plat atè!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.
