1Yon lè Samson desann lavil Gaza, li mwen ye, yo mete m apa pou Bondye depi nan vant manman m. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
18Lè Jij 16.5,6 Dalila wè Samson te ba l sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo:
— Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m sekrè a.
Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo.
19Dalila fè dòmi pran Samson sou jenou l, li fè rele yon nonm ki koupe sèt très cheve Samson yo ra. Epi li seye fè fòs ak li. Men Samson te pèdi tout fòs li.
20Lè 1 Sam 28.15,16 sa a, Dalila rele:
— Samson! Men moun Filisti yo sou ou!
Misye leve, li t'ap di nan kè li l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men li pa te konnen Senyè a te gentan lage li.
21Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l yo. Yo mennen l lavil Gaza, yo mare l avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an.
22Men, cheve l te konmanse pouse ankò.
Lanmò Samson23Aprè 1 Sam 5.2-7; 1 Kwo 10.10 sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di:
— Bondye nou an lage Samson,
lènmi nou an, nan men nou.
24Lè pèp la te wè Samson, yo t'ap fè lwanj pou bondye yo a. Yo t'ap di:
— Bondye nou an fè nou mete men sou Samson lènmi nou an ki t'ap devaste peyi a,
ki t'ap touye tout moun sa yo nan mitan nou.
25Kè tout moun te kontan. Yo di konsa:
— Fè chache Samson pou n ka pran plezi nou ak li.
Y'al chache Samson nan prizon an, yo mennen l devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l. Yo mete mesye nan mitan de gwo poto.
26Samson di ti bway ki te kenbe men l lan:
— Mennen m bò de gwo poto ki kenbe tout tanp lan. Mete men m sou yo pou m ka fè yon ti apiye.
27Tanp lan te plen moun, fanm kou gason. Tout chèf moun Filisti yo te la. Te gen twamil (3.000) moun konsa, fanm kou gason, anwo twati a ki t'ap gade Samson, ki t'ap pran plezi yo ak li.
28Lè Jer 15.15 sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di:
— O Bondye Senyè! Tanpri, chonje m non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m yo pete a.
29Epi Samson mete men l sou de gwo poto mitan ki te kenbe tout tanp lan. Li apiye yon men l sou chak.
30Epi li di:
— M te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo.
Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li.
31Frè l Jij 13.25; 15.20 yo ansanm ak tout fanmi l yo desann vin pran kadav la. Yo pote l tounen lakay yo, yo antere l nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan (20 an) ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.