1Senyè,
Se ou menm k'ap pwoteje mwen.
Se ou menm k'ap pran defans mwen.
4Bondye Sòm 140.1,4 mwen, wete m anba men mechan yo,
anba ponyèt moun k'ap bay manti yo
ak moun k'ap fè mechanste yo.
5Senyè, Jer 17.7; Wòm 15.13; 1 Tim 1.1 se ou menm ki tout espwa mwen.
Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m te jenn gason.
6Se Sòm 22.9,10; Eza 46.3 sou ou mwen konte depi m fèt.
Se ou ki fè m sòti nan vant manman m.
Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
7Lavi m Eza 8.18; 1 Kor 4.9 se yon mistè pou anpil moun.
Men, se ou menm k'ap pwoteje m ak tout fòs ou.
8Tout Sòm 35.28 lajounen lwanj ou nan bouch mwen.
M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.
9Kounyeya mwen fin granmoun, tanpri pa voye m jete.
Kounyeya mwen fin pèdi fòs, pa lage m.
10Lènmi m 2 Sam 17.1,2; Sòm 56.6 yo ap pale m mal.
Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m.
11Y'ap plede di:
Bondye lage l. Kouri dèyè l, kenbe l, paske pa gen moun pou delivre l.
12Bondye, Sòm 10.1; 40.13 pa rete lwen mwen.
Bondye mwen, prese vin pote m sekou.
13Se Sòm 35.4 pou moun k'ap atake m yo wont,
se pou yo disparèt.
Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib,
moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.
14M'ap toujou mete espwa mwen sou ou.
M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
15M'ap Sòm 40.5 fè konnen jan ou san patipri.
Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen,
paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
16Senyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou.
M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras.
Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa.
17Bondye, depi lè m te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay.
Jouk kounyeya m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.
18Kounyeya Eza 46.4 mwen fin vye granmoun,
tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m.
Kanpe la avè m pou m ka fè moun k'ap viv kounyeya konnen jan ou gen fòs,
pou m ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,
19jan 1 Sam 12.24; Sòm 35.10; 36.6; 126.2; Lik 1.49 jistis ou rive jouk nan syèl la.
Bondye, ou fè bèl bagay.
Pa gen tankou ou!
20Ou Sòm 60.3; 85.6; Oze 6.2 voye traka ak soufrans ban nou.
Men se ou k'ap ban nou lavi ankò.
W'ap rale nou sòti nan bouch twou a.
21W'ap fè m pi grannèg pase jan m te ye a.
W'ap konsole m ankò.
22Se 2 Wa 19.22; Sòm 33.2; 78.41; Eza 60.9 vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita.
M'a fè lwanj ou, Bondye mwen,
paske w'ap toujou kenbe pawòl ou.
M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen
pou Bondye pèp Izrayèl la.
23M'a Sòm 25.22 chante pou ou.
M'a rele sitèlman mwen kontan.
M'a chante ak tout kè m paske ou te delivre m.
24Tout Sòm 71.8 lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri,
paske moun ki te vle wè malè rive m yo gen pou yo wont.
Yo p'ap konn sa pou yo fè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.