Nonb 33 - 1998 Haitian Creole

Vwayaj Izrayèl depi Lejip jouk Mowab

1Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te sòti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo.

2Dapre lòd Senyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo.

3Moun yo rive nan dezè a.

Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo.

9Yo Egz 15.27 kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la.

10Yo kite Elim, y'al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la.

11Yo Egz 16.1 kite Lanmè Wouj, y'al moute kan yo nan dezè Zin lan.

12Yo kite dezè Zin lan, y'al moute kan yo Dofka.

13Yo kite Dofka, y'al moute kan yo Alouch.

14Yo Egz 17.1 kite Alouch, y'al moute kan yo Refidim kote pèp la pat jwenn dlo pou yo bwè a.

15Yo Egz 19.1,2 kite Refidim, y'al moute kan yo nan dezè Sinayi a.

16Yo Nonb 11.34 kite dezè Sinayi a, y'al moute kan yo Simityè Grangou.

17Yo Nonb 11.35 kite Simityè Grangou, y'al moute kan yo Azewòt.

18Yo Nonb 12.16 kite Azewòt, y'al moute kan yo Ritma.

19Yo kite Ritma, y'al moute kan yo Rimonn Perèz.

20Yo kite Rimonn Perèz, y'al moute kan yo Libna.

21Yo kite Libna, y'al moute kan yo Risa.

22Yo kite Risa, y'al moute kan yo Keyelata.

23Yo kite Keyelata, y'al moute kan yo sou mòn Chefè a.

24Yo kite mòn Chefè a, y'al moute kan yo Arada.

25Yo kite Arada, y'al moute kan yo Makelòt.

26Yo kite Makelòt, y'al moute kan yo Tayat.

27Yo kite Tayat, y'al moute kan yo Tara.

28Yo kite Tara, y'al moute kan yo Mitka.

29Yo kite Mitka, y'al moute kan yo Asmona.

30Yo kite Asmona, y'al moute kan yo Mosewòt.

31Yo Det 10.6 kite Mosewòt, y'al moute kan yo Benè-Jakan.

32Yo kite Benè-Jakan, y'al moute kan yo Ogidgad.

33Yo Det 10.7 kite Ogidgad, y'al moute kan yo Jotbata.

34Yo kite Jotbata, y'al moute kan yo Abwona.

35Yo Det 2.8; 1 Wa 9.26; 22.48 kite Abwona, y'al moute kan yo Ezyongebè.

36Yo Nonb 20.1 kite Ezyongebè, y'al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès.

37Yo Nonb 20.22,23 kite Kadès, y'al moute kan yo sou mòn Or, toupre fontyè peyi Edon an.

38Dapre Nonb 20.25-28 lòd Senyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te sòti kite peyi Lejip.

39Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li.

40Wa Nonb 21.1 Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t'ap rive.

41Se Nonb 21.4 konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y'al moute kan yo Zalmona.

42Yo kite Zalmona, y'al moute kan yo Pounon.

43Yo Nonb 21.10 kite Pounon, y'al moute kan yo Obòt.

44Yo Nonb 21.11 kite Obòt, y'al moute kan yo Ije-Abrarim nan peyi Mowab la.

45Yo Nonb 21.30; 32.34 kite Ije-Abrarim nan peyi Mowab la, y'al moute kan yo Dibon Gad.

46Yo Jer 48.22 kite Dibon Gad, y'al moute kan yo Almon-Diblatayim.

47Yo Nonb 27.12; Det 32.49 kite Almon-Diblatayim, y'al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve.

48Yo Nonb 22.1 kite mòn Abarim yo, y'al moute kan yo nan plenn Mowab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.

49Yo Nonb 25.1 te moute kan yo nan tout plenn Mowab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt-Ayechimòt jouk Abèl-Chitim.

Dènye lòd anfas larivyè Jouden

50Antan yo la nan plenn Mowab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

51— Men Det 9.1 sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an,

52se Egz 23.24,33; Lev 26.1; Det 7.2,5 pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.

53N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.

54N'a Nonb 26.53-55 tire osò pou nou ka separe l bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou li a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.

55Men, Joz 23.13 si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.

56Lè sa a, sa m te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help