1 Jan 5 - 1998 Haitian Creole

Nou genyen batay la sou lemonn

1Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se 1 Jan 4.15,16; 1 Pyè 1.22,23 pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.

2Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.

3Nou Jan 14.15,23,24; Mat 11.30 renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.

4Paske, Jan 16.33 depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

5Ki 1 Jan 4.4 moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.

Temwanyaj yo bay pou Jezi

6Jezikri Jan 19.34,35 se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pat vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm.

7Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an.

8Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò.

9Nou Jan 5.32,36; 8.18 asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwanyaj Bondye bay pou Pitit li a.

10Konsa, Wòm 8.16; 1 Kor 15.15 moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pat kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.

11Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.

12Moun Jan 3.36 ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis.

Lavi ki p'ap janm fini an

13M'ap Jan 20.31 ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.

14Se 1 Jan 3.21,22; Jan 14.13; 16.23 poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.

15Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.

16Si Mat 12.31; Eb 6.4-6 yon moun wè yon frè l fè yon peche ki p'ap fè l mouri, se pou l lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Pren-sip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. Mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.

17Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò.

18Nou 1 Jan 3.9; Jan 17.15 konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l anyen.

19Nou Gal 1.4; Jan 8.47 konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.

20Nou Jan 17.3; Wòm 9.5 konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.

21Pitit 1 Kor 10.14 mwen yo, veye kò nou ak zidòl!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help