Nonb 11 - 1998 Haitian Creole

Dife Bondye a

1Pèp la te konmanse ap plenyen nan paske se la dife Senyè a te pran nan mitan yo a.

Plenyen pèp la

4Bann Egz 12.38; Nonb 14.1; Sòm 78.18; 1 Kor 10.6 etranje nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di:

— Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulyeya?

5Jan Egz 16.3 nou te konn jwenn pwason pou piyay nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon konkonm, bon melon, bon powo, zonyon ak lay nou te konn manje!

6Men kounyeya, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase lamàn lan ki devan je nou tout tan!

7Lamàn Egz 16.13-18,31 lan te gen fòm grenn pitimi, li te blan epi ou ta di se gonm lamveritab.

8Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo tchwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv.

9Se lannwit lamàn lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze.

10Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Senyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn.

11Lè Jer 15.10,18; 20.7-18 sa a, Moyiz di Senyè a konsa:

— Poukisa ou aji mal avè m konsa? Kisa m fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?

12Eske Jen 50.24; Egz 13.5; Det 1.31 se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a?

13Kote 2 Wa 4.43; Mat 15.33; Jan 6.7,9 pou m jwenn vyann pou m bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m pou m ba yo vyann pou yo manje.

14Mwen Egz 18.18; Det 1.9,12 pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen.

15Si 1 Wa 19.4 se konsa w'ap aji avè m, tanpri, fè m favè sa a: pito ou tou touye m fin ak sa, pou m pa wè m'ap pase tout malè sa a.

16Senyè a Egz 24.1,9 di Moyiz konsa:

— Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.

17M'ap Egz 18.22; 19.20; Nonb 11.25; 12.5; 2 Wa 2.9,15 desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsabilite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò.

18W'a Egz 16.3; 19.10; Nonb 11.5 di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Senyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Kounyeya, Senyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l ban mwen.

19Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni ven jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje.

20Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l jouk la sòti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l, paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pat dwe janm sòti kite peyi Lejip.

21Moyiz Egz 12.37 di Senyè a:

— Se sisanmil (600.000) moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa.

22Kote pou yo jwenn kantite mouton ak bèf pou touye ki pou ta kont pou yo? Si yo ta ka ranmase tout pwason ki nan lanmè, ou kwè li ta ase pou yo?

23Senyè a Eza 50.2; 59.1; Eze 12.25; 24.14 di Moyiz:

— Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m di a p'ap rive vre.

24Se konsa Moyiz sòti, li di pèp la tou sa Senyè a te di l. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a.

25Senyè a Egz 34.5; Nonb 11.17; 1 Sam 10.6 desann nan yon nyaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.

26Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pat ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.

27Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.

28Lè Mak 9.38 sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l konsa:

— Mesye Moyiz, fè yo sispann non!

29Moyiz 1 Kor 14.5 reponn li:

— Kouman? Ou genlè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Senyè a te mete lespri l sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!

30Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo.

Senyè a voye zòtolan bay pèp la

31Apre Sòm 78.26-28 sa, Senyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gendwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a.

32Pèp Eze 45.11 la pase tout jounen an, tout nwit la, ak tout jounen denmen an ap ranmase zòtolan. Sa ki te ranmase pi piti a te ranmase dis barik pou tèt pa l. Yo blayi yo atè toupatou nan kan an pou mete yo cheche.

33Yo Sòm 78.30,31 te fenk konmanse manje vyann, lè Senyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo.

34Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann.

35Apre Nonb 12.16; 33.17 sa, pèp la kite Simityè Grangou kote yo te ye a, yo pati pou Azewòt kote yo moute kay yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help