1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou reny Men Da 2.37; Rev 19.16 lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la!
— Kounyeya,
13mwen bay lòd nan tout peyi m'ap gouvènen yo pou tout moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avè ou lavil Jerizalèm, pou yo kite yo ale.
14Se Estè 1.14 mwen menm, wa a, ansanm ak sèt konseye m yo ki voye ou al fè enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou ou wè ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan.
15W'a 2 Kwo 6.2; Esd 8.25; Sòm 135.21 pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen Tanp li lavil Jerizalèm.
16W'a 1 Kwo 29.6,9 pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm.
17Konsa, Nonb 15.2-13; Det 12.5,11 avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan Tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm.
18Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l, depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an.
19W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan Tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan Tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la.
20Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou Tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.
21Mwen Esd 7.6 menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta,
22depi sa li mande a pa depase total sanvenmil lons lajan, sisansenkant barik ble, sisan galon diven, sisan galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen.
23Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou Tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m.
24Epi Esd 4.13,20 m-fè nou konnen yo pa gendwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad Tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan Tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.
25Ou Egz 18.21,22; Det 16.18; Esd 7.10 menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.
26Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon!
Esdras fè lwanj Bondye27Lè 1 Kwo 29.10; Esd 6.22 sa a, Esdras di:
— Lwanj pou Senyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l fè tout bèl bagay sa yo pou Tanp Senyè a lavil Jerizalèm.
28Li Esd 9.9 fè m jwenn favè devan wa a, devan konseye l yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m kouray, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.