1Toleme, sizyèm wa peyi Lejip ki te pote non sa a, reyini yon gwo lame sòlda ki te menm kantite ak grenn sab bò lanmè. Li rasanble yon gwo flòt batiman tou. Li te fè lide pran Aleksann sou plan pou li te ka pran peyi l la mete sou peyi Lejip, peyi pa l la.
2Se konsa li rive nan peyi Siri ak bèl pawòl dous zanmitay. Kote l pase moun lavil yo louvri pòtay lavil yo ba li, yo kouri vin kontre l paske wa Aleksann te pase lòd pou tout moun te resevwa l tankou bòpè wa a.
3Men, nan chak lavil Toleme antre li mete yon ganizon sòlda pa l pou fè pòs.
4Lè li rive Azòtòs, yo moutre l Tanp Dagon ki te boule a, lavil la ak tout ti zòn bò kote l yo ki te kraze, kadav moun mouri yo gaye toupatou ak rès kadav moun Jonatan te boule nan lagè a. Jonatan te fè anpile kadav moun sa yo sou tout wout kote Toleme te gen pou pase a.
5Moun yo rakonte bay wa a tou sa Jonatan te fè avèk espwa wa a ta rale zòrèy Jonatan, men wa a pa di anyen.
6Jonatan menm bò pa l vin kontre ak wa a lavil Jope avèk yon gwo kòtèj moun. Yo di bonjou epi yo pase nwit lan la.
7Lèfini, Jonatan kondi wa a mete jouk larivyè yo rele Eletè a epi li tounen tounen l lavil Jerizalèm.
8Wa Toleme pran tout lavil lakòt yo rive lavil Selesi bò lanmè a pou li. Li t'ap kalkile yon bann move plan nan tèt li sou do Aleksann.
9Li voye anbasadè bò kote wa Demetriyis ak mesay sa a:
— Annou dakò pou nou siyen yon kontra pou nou mache ansanm. M'ap ba ou pitit fi m ki marye ak Aleksann lan pou madanm ou, lèfini w'a gouvènen peyi ki te sou otorite papa ou la.
10Mwen regrèt anpil mwen te bay Aleksann pitit fi m lan, paske yon lè li te chache touye m.
11Li t'ap fè Aleksann repwòch sa a paske li te dèyè pou l te wete peyi a anba men li.
12Li fè Aleksann renmèt li pitit fi l la, li bay Demetriyis li. Li bay Aleksann yon lòt figi nèt ale, konsa yonn deklare lòt lènmi.
13Toleme antre lavil Antyòch, li mete kouwòn peyi Lazi a sou tèt pa li. Konsa li te vin gen de kouwòn sou tèt li, kouwòn peyi Lejip la ak kouwòn peyi Lazi a.
14Lè sa a, wa Aleksann te nan zòn Silisi a, paske moun nan zòn sa a te leve dèyè l. Yo t'ap revòlte.
15Men, lè Aleksann vin konnen tout nouvèl sa yo, li mache sou Toleme pou l goumen avè l. Toleme vin kontre avè l ak yon gwo lame, li fè l vole gagè.
16Aleksann kouri al kache nan peyi Arabi. Se konsa Toleme genyen batay la.
17Zabdiyèl, yon chèf arab, koupe tèt Aleksann, li voye l bay Toleme.
18Men, de jou apre sa, Toleme tonbe, li mouri tou. Lè sa a, moun yo pran tout ganizon sòlda li te kite ap fè pòs nan lavil yo, yo touye yo.
19Se konsa Demetriyis moute wa nan lanne sanswasannsèt (167).
Jonatan fè zanmi ak Demetriyis De20Lè sa a, Jonatan reyini tout jwif peyi Jide yo pou y'al atake sitadèl la lavil Jerizalèm. Yo vin ak anpil machin lagè pou sa.
21Men, kèk jwif nan sa ki te vire do bay pwòp peyi yo a, yon bann voryen, al jwenn wa Demetriyis, yo fè l konnen jan Jonatan t'ap sènen sitadèl la.
22Lè wa a pran nouvèl sa a, li move anpil, epi lapoula li pati pou lavil Tolemayis. Li ekri yon lèt voye bay Jonatan, li mande l pou l rete sou sa l fè a, epi pou li prese vin bò kote l lavil Tolemayis san pran reta pou yo fè yon pale.
23Lè Jonatan resevwa lèt la, li bay lòd pou yo pa sispann atak yo sou sitadèl la. Epi li chwazi kèk chèf fanmi nan pèp Izrayèl la ansanm ak kèk prèt pou ale avè l. Se konsa l'al pote tèt li devan danje a.
24Li pran ajan, lò, rad ak yon bann lòt kado, li pati al jwenn wa a lavil Tolemayis. Sa te fè wa a plezi anpil.
25Te gen kèk moun nan pèp jwif yo ki te vire do bay Bondye yo ki te vin depoze plent pou li,
26men wa a boule ak Jonatan menm jan wa anvan l yo te boule avè l. Li mete l kanpe byen wo devan tout zanmi l yo.
27Li ba li garanti l'ap toujou kenbe l nan plas granprèt la, l'ap toujou ba li tout lòt privilèj yo te konn ba li anvan an. Lèfini, li mete Jonatan nan gwoup moun ki premye konseye l yo.
28Jonatan menm bò pa li mande wa a pou peyi Jide ansanm ak twa zòn peyi Samari ki sou kont li yo pa nan peye lajan taks sou anyen. Si wa a fè sa, li menm l'ap pwomèt pou l bay wa a nèfmilnèfsan (9.900) kilo ajan.
29Wa Demetriyis dakò. Li ekri yon lèt bay Jonatan sou tout bagay sa yo. Men kijan lèt la te pati:
30— Wa Demetriyis voye gwo bonjou pou Jonatan, frè li, ansanm ak pou tout nasyon jwif yo.
31Men kopi lèt nou te ekri sou ou voye bay Lastenès, fanmi nou an. Nou voye l ba ou pou ou sa konnen sa ki ladan l.
32Wa Demetriyis voye bonjou pou Lastenès, yon fanmi li respekte anpil.
33Jwif yo moutre se zanmi nou yo ye. Yo kenbe tout angajman yo te gen avè nou, yo fè nou wè jan yo sòti pou yo boule byen ak nou. Se poutèt sa nou menm tou nou pran desizyon pou nou fè anpil byen pou yo.
34Nou rekonèt dwa yo genyen sou tè peyi Jide a ak sou tè ki nan zòn Efrayim, zòn Lida ak zòn Ramatayim, twa zòn yo te wete nan peyi Samari pou mete nan peyi Jide a ansanm ak tout tè ki te sou kont yo. Konsa, tout lajan taks moun nan zòn sa yo te konn peye bay wa a chak lanne sou donn jaden yo ak sou donn pyebwa yo va sèvi pou moun kap fè ofrann bèt pou yo touye pou Bondye lavil Jerizalèm.
35Depi jòdi a nou wete obligasyon yo te genyen pou yo te peye tout taks, tout ladim ak lòt lajan ki t'ap vin pou nou, tout taks sou basen sèl ak sou lò pou yo te bay pou wa a. Yo pa bezwen peye yo.
36Pa gen anyen ki pou chanje desizyon sa yo mwen pran la a an favè yo depi jòdi a ak pou tout tan.
37Fè sèten yo fè yon kopi lèt sa a pou yo bay Jonatan pou li ka afiche l yon kote sou mòn Bondye a pou tout moun ka wè l.
Jonatan bay Demetriyis konkou l38Lè wa Demetriyis wè peyi a te gen lapè anba otorite li, epi pa te gen pèsonn pou kenbe tèt avè l ankò, li voye tout sòlda li yo lakay yo, li kraze lame li a. Sèl sòlda li te kenbe se moun lòt nasyon li te peye pou fè lagè pou li yo. Moun sa yo te sòti nan divès zile kote li te fè chache yo. Se konsa tout sòlda zansèt li yo te kite pou li nan lame a pran rayi l.
39Lè Trifon, yon ansyen patizan Aleksann vin konnen sòlda yo t'ap bougonnen sou do Demetriyis, l'ale kay Jamlikou, yon chèf arab ki t'ap elve Antyokis, pitit gason Aleksann lan, ki te piti toujou.
40Li pran tèt Jamlikou pou li renmèt li ti pitit la pou li mete li wa nan plas papa l. Trifon rakonte Jamlikou tou sa Demetriyis te fè ak kijan sòlda yo te rayi l. Li rete pase anpil jou kay Jamlikou.
41Pandan tout tan sa yo, Jonatan voye mande wa Demetriyis pou li wete ganizon sòlda li yo ki te nan sitadèl lavil Jerizalèm lan ak nan lòt fò yo, paske yo te toujou nan kont ak moun pèp Izrayèl yo.
42Men repons Demetriyis voye bay Jonatan:
— Non sèlman m'ap fè sa pou ou ak pou pèp ou a, men premye okazyon mwen jwenn m'ap fè anpil bèl bagay pou ou ansanm ak pou pèp ou a tou.
43Men kounyeya, pi bèl bagay ou ka fè pou mwen, se voye kèk sòlda vin ban m konkou, paske tout sòlda pa m yo lage m.
44Jonatan voye twamil (3.000) vanyan sòlda ki konn goumen bay Demetriyis lavil Antyòch. Lè sòlda yo rive, sa te bay Demetriyis yon gwo soulajman.
45Moun lavil Antyòch yo sanble nan mitan lavil la, yo te sòti pou yo te touye wa a. Te gen sanvenmil (120.000) moun konsa.
46Wa a al kache kò l nan palè a. Moun lavil yo menm pran lari pou yo, yo konmanse goumen.
47Wa a rele jwif yo vin ede l. Jwif yo vin jwenn li lamenm. Apre sa, yo gaye nan tout lavil la. Jou sa a yo touye sanmil (100.000) moun konsa.
48Yo mete dife nan lavil la, yo piye l byen piye. Se konsa yo sove lavi wa a.
49Lè moun lavil Antyòch yo wè jwif yo te pran lavil la nèt pou yo, kouray yo kraze, yo pran rele nan pye wa a:
50— Tanpri souple, ann fè lapè! Fè jwif yo sispann goumen ak nou, fè yo sispann kraze lavil la.
51Yo sispann goumen, yo fè lapè. Wa a ansanm ak tout moun pa l yo vin gen gwo konsiderasyon ak respè pou jwif yo ki tounen lavil Jerizalèm chaje ak bagay yo te pran nan batay la.
52Apre sa, wa Demetriyis fin chita pouvwa li byen chita nan peyi a, kifè pat gen dezòd nan peyi a sou gouvènman l lan ankò,
53men li pa kenbe pwomès li te fè Jonatan yo, li pete kont avè l, epi pase pou l ta renmèsye l pou tout sèvis li te rann li yo, li fè l anpil desepsyon, li peze l pi rèd.
Trifon pran pouvwa a54Apre sa, Trifon tounen ansanm ak Antyokis ki te timoun toujou. Yo mete kouwòn wa a nan tèt Antyokis.
55Tout sòlda Demetriyis te voye ale yo reyini bò kote Antyokis epi yo tanmen fè lagè ak Demetriyis. Yo kraze mesye, yo fè l kouri met deyò.
56Trifon pran elefan yo epi lavil Antyòch tonbe nan men li.
57Jenn Antyokis ekri yon lèt voye bay Jonatan. Li kenbe l nan pòs granprèt la, avèk pouvwa sou kat zòn yo. Li mete l manm nan gwoup Konseye wa yo.
58Li voye yon je vesèl ak gwo gode an lò fè l kado. Li ba li dwa sèvi ak yon gwo gode lò pou l bwè, ak dwa pou l mete gwo manto wouj vyolèt sou li ak zepenng agraf an lò a sou zepòl li.
59Li nonmen Simon, frè Jonatan an, kòmandan tout zòn ki pran sòti Nechèl peyi Tir la rive sou fontyè peyi Lejip.
60Jonatan pati, li pran mache nan tout zòn ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la, li vizite tout lavil yo. Tout sòlda lame peyi Siri yo mete tèt yo ansanm avè l pou y'al goumen pou li. Lè li rive lavil Askalon, tout moun lavil yo sòti vin resevwa l, yo fè gwo fèt pou li.
61Sòti Askalon, li pati pou lavil Gaza. Men, moun lavil Gaza yo fèmen pòtay yo. Sa li fè? Li sènen lavil la, li met dife nan tout zòn ki kouwonnen lavil la, li piye l byen piye.
62Lè sa a, moun lavil Gaza yo mande padon. Jonatan fè lapè ak yo, men li pran pitit gason tout chèf yo tankou yon garanti, li voye yo lavil Jerizalèm. Apre sa, li kontinye vwayaj li nan rès peyi a rive lavil Damas.
63Jonatan vin pran nouvèl gwo chèf lame Demetriyis yo te rive lavil Kadès nan peyi Galile, avèk yon gwo lame pou yo te depoze l.
64Li kite Simon, frè li a, nan peyi Jide, epi li menm li mache al kontre ak yo.
65Simon sènen lavil Bèt-Sou. Pandan plizyè jou li bloke moun yo nan lavil la, li atake yo.
66Bout pou bout, moun lavil Bèt-Sou yo voye mande lapè. Simon dakò, men li fè yo tout pati kite lavil la, li pran lavil la pou li, epi li mete yon ganizon sòlda pa l fè pòs ladan l.
67Jonatan menm bò pa l al moute kan li ansanm ak lame li a bò letan Jenezarèt la. Nan granmaten, li pati jouk li rive nan plenn Asò.
68Lame moun lòt nasyon yo vanse vin kontre ak li nan plenn lan. Men, yo te voye yon gwoup sòlda al kache tann Jonatan nan mòn yo, antan yo menm yo t'ap atake l sou devan.
69Lè moun ki te kache nan mòn yo sòti nan kachèt yo, epi yo atake lame Jonatan an,
70tout sòlda lame Jonatan yo pran kouri. Yo yonn pa rete, esèpte Matatyas, pitit Absalon, ak Jida, pitit Kalfi ki te chèf nan lame li a.
71Lè sa a, Jonatan chire rad sou li, li mete pousyè tè anwo tèt li, epi li lapriyè Bondye.
72Apre sa, li tounen nan batay la, li tonbe sou lènmi yo, li kraze yo, li fè yo kouri met deyò.
73Lè sòlda jwif ki te pran kouri yo wè sa, yo tounen vin jwenn Jonatan, epi ansanm ak li, yo kouri dèyè lènmi yo jouk yo rive lavil Kadès kote lènmi yo te moute kan yo. Se la jwif yo moute kan pa yo tou.
74Jou sa a jwif yo te touye twamil (3.000) sòlda nan lame moun lòt nasyon yo. Apre sa, Jonatan tounen tounen l lavil Jerizalèm.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.