Jeremi 49 - 1998 Haitian Creole

Mesay sou peyi Amon

1Men sa Senyè a di sou moun peyi Amon yo

ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo?

Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?

2Se

Kite timoun ki san papa yo avè m.

M'a okipe yo.

Vèv nou yo mèt konte sou mwen.

12Men ou ki fè ou pèdi tèt ou.

Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l la.

Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo.

Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini,

m'ap fè ou desann.

Se Senyè a menm ki di sa.

17Senyè a Men

Pa gen yon moun ladan l.

26Jou Jer 50.30 sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari.

Tout sòlda yo pral mouri.

Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

27M'ap 1 Wa 20.1; Jer 17.27 mete dife nan miray Damas yo.

Dife a ap boule palè wa Bennadad la.

Mesay sou Keda ak Azò

28Moun Jij 6.3; Eza 11.14; 21.16; Eze 25.4,10 branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nebikadneza, wa Babilòn lan. Men mesay Senyè a bay sou yo:

— Leve non! Ann mache pran Keda!

Piye moun bò solèy leve yo.

29Pran Sòm 120.5; Kan 1.5; Jer 6.25 tant yo, kabrit yo, mouton yo,

rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo.

Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo:

Kote ou pase tout moun pè.

30Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò,

al kache kò nou nan twou!

Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Paske Nebikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l kraze nou.

Li sòti pou l fini ak nou.

31Men Eze 38.8,11 sa Senyè a di ankò: Leve non!

Ann al atake yon nasyon ki santi yo te alèz san okenn danje sou tèt yo!

Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo.

Yo la konsa san okenn pwoteksyon.

32Yo Jer 9.26; Eze 38.12 pral pran tout chamo yo,

yo pral separe tout kabrit yo ak mouton yo.

Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon,

bann moun ak cheve kout sa yo.

Kote yo pase, m'ap fè malè tonbe sou yo.

Se mwen menm Senyè a ki di sa.

33M'ap Jer 9.11 fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan,

kote bèt nan bwa rete.

Pèsonn p'ap rete ladan l ankò.

Okenn moun p'ap viv la.

Mesay sou peyi Elam

34Men 2 Wa 24.17,18; Eze 32.24; Da 8.2 mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fenk moute wa nan peyi Jida.

35Men Eza 22.6 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di:

— Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam

ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo.

Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a.

36M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan.

M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè.

M'ap mete tout moun li yo deyò.

P'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo.

37M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo,

devan moun ki sòti pou touye yo.

M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo,

m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo.

38M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo.

Se la m'ap mete fòtèy mwen an.

Se mwen menm Senyè a ki di sa.

39Men, Jer 48.47 nan jou k'ap vini apre sa yo,

m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò.

Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help