1Ala bon sa bon pou moun ki pa janm di sa pou l pa te di,
ki pa gen okenn remò k'ap toumante l pou sa li fè ki mal!
2Ala bon sa bon pou yon moun ki pa gen repwòch pou fè tèt li,
epi ki pa janm dekouraje!
Sèvi byen ak richès ou3Moun ki kripya pa te fèt pou yo te rich.
Moun ki gen gwotanta pa te fèt pou yo te gen anpil byen.
4Si w'ap refize tèt ou sa ou bezwen pou ou ka anpile byen, se pou lòt moun w'ap travay.
Se lòt moun ki va jwi byen ou yo.
5Si yon moun di ata ak pwòp tèt li, ak kimoun l'ap aji byen?
Li p'ap janm jwi pwòp byen l yo.
6Pa gen moun pi mechan pase moun ki mechan ak pwòp tèt yo.
Se sa y'ap peye pou mechanste yo.
7Si yon moun konsa fè moun byen, li fè l san li pa wè sa.
Men, bout pou bout, yon lè konsa l'ap fè ou wè jan l mechan.
8Moun ki gen gwo je se mechan yo ye.
Y'ap vire tèt yo pou yo pa wè moun ki nan nesesite, y'ap meprize lavi lòt moun.
9Yon moun k'ap anvye sò lòt moun pa janm gen ase.
Gwotanta ap fè kè li grenn.
10Moun ki kripya chich ata pou manje pou l ta mete sou tab li.
11Pitit mwen, depi ou gen mwayen, okipe tèt ou byen.
Pote ofrann ou yo bay Granmèt la jan l mande ou sa.
12Pa bliye ou san lè pou ou mouri.
Pèsonn pa ka di ou kilè sa va rive ou.
13Anvan ou mouri, fè byen pou zanmi ou.
Bay mezi ou kapab.
14Pa janm kite yon jou pase pou ou pa fè tèt ou plezi.
Pa janm kite yon okazyon pase pou ou pa fè tèt ou yon plezi ou gen dwa fè tèt ou.
15Ou gen pou ou kite tout byen ou te bat kò ou fè yo pou lòt moun.
Tout byen ou te bay tèt ou traka ranmase yo pral separe bay lòt moun.
16Lonje men bay moun. Resevwa sa yo ba ou. Fè tèt ou plezi.
Se pa nan peyi kote mò yo ye a ou pral jwenn kè kontan.
17Kò moun gen pou fini tankou rad yo met sou yo.
Se yon lwa ki la pou tout tan: Tout moun gen pou mouri.
18Moun, se tankou fèy bwa yo ye.
Yon lè yo tonbe, yon lòt lè yo repouse.
Lè yon pòsyon moun ap fèt, yon lòt pòsyon ap mouri.
19Tou sa moun ap fè gen pou pouri jouk yo disparèt.
Moun ki fè yo a ap disparèt ansanm avè yo.
Bon jan lavi pou moun ki gen bon konprann20Ala bon sa bon pou moun k'ap kalkile sou bon konprann,
k'ap fè tèt yo travay ak bon jan lespri!
21Y'ap egzaminen nan tèt yo sou chemen bon konprann lan,
y'ap kalkile sou sekrè l yo.
22Y'ap kouri dèyè l tankou yon chasè dèyè jibye.
Y'ap veye konsa kote l pase.
23Y'ap lonje je yo gade nan fennèt li yo,
y'ap pare zòrèy yo koute nan papòt li yo.
24Yo moute pòs yo toupre lakay li.
Yo mete pikèt tant yo nan miray lakay li.
25Yo moute tant yo toupre.
Yo vin rete kote y'ap jwenn bon jan lavi a.
26Y'ap mete pitit yo anba pwoteksyon Bon Konprann.
Anba branch li yo y'ap jwenn kote pou yo pare move tan.
27Lonbray li ap pwoteje yo pou chalè pa fini avè yo.
Y'ap moute kay yo anba bèl pouvwa li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.