Jij 18 - 1998 Haitian Creole

Mika ak moun Dann yo

1Nan tan sa a pat gen wa nan peyi Joz 19.47,48; Jij 1.34; 17.6; 21.25 Izrayèl la. Lè sa a, moun branch fanmi Dann yo t'ap chache yon pòsyon tè nan peyi a pou yo rete, paske depi tout tan sa a, nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pat ankò resevwa pòsyon pa yo a.

2Moun Nonb 13.17; Joz 2.1 Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y'al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la.

3Antan yo te la bò kay Mika a, yo rekonèt vwa jenn moun Levi a. Yo pwoche, yo mande l:

— Ki moun ki mennen ou isit la? Sa w'ap fè isit la? Kisa ou pèdi isit la?

4Li Jij 17.10 reponn yo:

— Mwen gen yon dizon ak Mika, l'ap peye m, epi m'ap sèvi l prèt.

5Yo Nonb 27.21; Jij 20.18; 1 Sam 14.37; 22.10 di l konsa:

— Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an.

6Prèt 1 Sam 1.17 la di yo:

— Nou pa bezwen pè. Senyè a ap voye je sou nou pandan tout vwayaj la.

7Senk Joz 19.47; Jij 18.27,28 mesye yo ale, yo rive lavil Layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pat nan kont ak pèsonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pat mele ak pèsonn moun lòt nasyon yo.

8Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.

9Yo Nonb 14.7; Joz 2.23,24; 18.3; 1 Wa 22.3 reponn:

— Nou wè peyi a. Li bon anpil. Pa rete isit la bra kwaze ap gade. Prese non! Ann moute al pran peyi a pou nou.

10Lè Det 8.9 n'a rive, n'a jwenn yon bann moun ki p'ap sispèk anyen. Peyi a laj anpil. Se Bondye menm ki ban nou peyi a. Se kote n'ap jwenn tou sa nou ka bezwen.

11Se konsa sisan (600) gason nan branch fanmi Dann lan, yo tout moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo chak ak zam nan men yo, yo pati al goumen.

12Yo Joz 15.60; Jij 13.25 moute, yo rete toupre lavil Kiryat-Jeyarim, nan peyi Jida, sou bò solèy kouche. Se poutèt sa, jouk jodi a, yo rele kote sa a Bitasyon Dann.

13Apre Jij 18.2 sa, yo kite kote yo te ye a, y'al nan mòn Efrayim yo, yo rive bò kay Mika a.

14Lè Jij 17.4,5 sa a, senk mesye yo te voye al espyonnen peyi ki nan vwazinay lavil Layis la di lòt moun ki te avèk yo konsa:

— Eske nou konnen nan yonn nan kay sa yo, gen yon estati ansanm ak lòt zidòl wogatwa? Gen yon estati an bwa ki kouvri ak ajan tou. Kisa nou kwè nou ta fè la a?

15Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l nouvèl li.

16Sisan moun fanmi Dann yo te kanpe ak tout zam yo nan men yo bò pòt devan an.

17Senk Jij 17.4,5; 18.2,14 mesye yo te voye al espyonnen peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati bwa ki kouvri ak lajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.

18Lè prèt la wè senk mesye yo ki t'ap soti lakay Mika ak estati a, zidòl wogatwa yo ak estati bwa ki kouvri ak lajan an, li di yo:

— Sa n'ap fè la a?

19Yo Jij 17.10 reponn li:

— Pe bouch ou, monchè! Ou pa bezwen di anyen! Vin avèk nou, w'a sèvi nou konseye, w'a prèt nou tou. Sa ou pi pito: prèt fanmi yon grenn moun osinon prèt tout yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la?

20Sa te fè kè prèt la kontan. Li pran zidòl la, estati a ak lòt zidòl wogatwa yo epi l'ale ak yo.

21Mesye yo reprann chemen yo, y'al fè wout yo. Yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak tout lòt bagay yo.

22Yo te deja kite kay Mika a yon bèl ti bout, lè moun nan vwazinay kay Mika yo sanble. Yo tanmen rapousib moun Dann yo.

23Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika:

— Sa ki genyen? Poukisa tout moun sa yo dèyè nou an?

24Mika Jen 31.30 reponn yo:

— N'ap mande m sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n'al fè wout nou. Ak kisa nou kite m la a?

25Moun Dann yo di l konsa:

— Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.

26Aprè sa, moun Dann yo al fè wout yo. Mika menm, lè li wè mesye yo te pi fò pase l, li tounen tounen l, l'al lakay li.

27Moun Joz 19.47; Jij 18.10 Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil Layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la.

28Pat Jij 18.7; 2 Sam 10.6 gen pèsonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pat mele ak pèsonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l.

29Yo Jen 30.5; Jij 18.7; 20.1; 1 Wa 12.29,30 rele l lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.

30Moun Egz 2.22; 18.3; Jij 17.12; 2 Wa 15.29 Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.

31Zidòl Joz 18.1; Jij 21.19; 1 Sam 1.3; Sòm 78.60; Jer 7.12 Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help