Levitik 20 - 1998 Haitian Creole

Chatiman sou dezobeyisans

1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

2— Men Lev 18.21 sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l wòch jouk li mouri.

3Mwen Lev 17.10; 18.21; Eze 5.11; 23.38,39 menm bò pa m, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l pou mwen, li derespekte non mwen.

4Men, Det 17.2,3,5 si moun ki nan peyi a fèmen je yo sou sa nonm lan fè a, lè li te bay pitit li pou fè sèvis pou Molòk la, si yo pa touye l,

5se Egz 20.5; 34.15 mwen menm ki p'ap okipe l ankò, li menm ak tout fanmi l. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l pou y'al sèvi Molòk.

6Si Lev 19.31 yon moun vire do ban mwen poulal konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an.

7Se Egz 22.31; Lev 11.44 pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.

8Se Egz 31.13; Lev 18.4; Eze 37.28 pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Se mwen menm Senyè a, se mwen menm k'ap fè nou sèvi m nan tou sa n'ap fè!

9Depi Egz 21.17; 2 Sam 1.16; 1 Wa 2.32; Mat 15.4 yon moun bay manman l osinon papa l madichon, se pou yo touye l. Paske li madichonnen manman l ak papa l, se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.

10Depi Lev 18.20; Det 22.22; Jan 8.4,5 yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.

11Depi Lev 18.8 yon nonm kouche madanm papa l, li jete dezonè sou papa l. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

12Depi Lev 18.15 yon moun kouche bèlfi li, se pou yo touye tou de. Sa yo fè a se yon wont. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

13Depi Lev 18.22 yon gason kouche yon gason parèy li, se yon salte Bondye pa ka wè. Se pou yo disparèt toulede. Lè konsa se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

14Si Lev 18.17 yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou.

15Si Lev 18.23 yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l, li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo.

16Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l, li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

17Si Lev 18.9 yon nonm marye ak sè li, li te mèt pitit fi manman l osinon pitit fi papa l, si yo kouche yonn ak lòt, yo avili tèt yo devan tout pèp Izrayèl la. Sa yo fè a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pèp la. Li te kouche sè li, se pou li peye pou sa l fè a.

18Si Lev 18.19 yon nonm kouche yon fanm ki gen règ li, se pou yo wete yo nan mitan pèp la.

19Si Lev 18.6,12,13 yon nonm kouche matant li, matant bò papa l osinon matant bò manman l, li kouche pwòp fanmi l. Se pou yo fè tou de peye pou sa yo fè a.

20Si Lev 18.14 yon nonm kouche madanm tonton li, li jete dezonè sou tonton li. Lè konsa, ni li, ni madanm lan, yo gen pou peye pou sa yo fè a. Y'a mouri san fè pitit.

21Si Lev 18.16 yon nonm marye ak madanm frè li, sa l fè a se yon bagay k'ap mete l nan kondisyon li pa ka sèvi Bondye, li jete dezonè sou frè li. Se poutèt sa, ni li ni madanm lan va rete san fè pitit.

22Senyè a Lev 18.4,25 di ankò:

— Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò.

23Piga Lev 18.3,24; Det 9.5 nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a.

24Men, Egz 3.17; 6.8; 19.5; 33.16; Det 7.6; 1 Wa 8.53 mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.

25Se Lev 11.2-47; Det 14.4-20 konsa, kounyeya, piga nou mele zannimo nou gendwa manje ak zannimo nou pa gendwa manje, zwazo nou gendwa manje ak zwazo nou pa gendwa manje. Pa kite okenn zannimo ni okenn zwazo nou pa gendwa manje, ni bèt k'ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis mwen.

26Se Egz 19.6; Lev 19.2 pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Senyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.

27Depi Egz 22.18; Lev 19.31; 20.2,9 yon nonm oswa yon fanm pran labitid rele mò pou moun, se pou yo kalonnen li wòch touye li. Lè konsa se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help