Sajès 14 - 1998 Haitian Creole

1Pran yon lòt moun k'ap pare batiman pou l'al vwayaje sou lanmè ki move a. Se yon mòso bwa ki pi fèb pase batiman l'ap moute a lap mande konkou.

2Yo fè batiman an pou li ka bay benefis. Se yon bòs ki fè l ak anpil ladrès.

3Men, Papa, ou menm ki bay tou sa nou bezwen yo, se nan men ou gouvènay la ye. Ou trase yon chemen sou lanmè a, ou louvri yon bèl wout san danje nan mitan lanm lanmè yo.

4Konsa, ou fè nou wè ou ka sove moun anba nepòt danje, kifè yon moun te mèt pa konn anyen nan lamarin, li ka toujou al sou lanmè.

5Ou pa vle pou bagay ou fè nan bon konprann ou rete la pa sèvi ou anyen. Se poutèt sa moun ka mete konfyans yo nan nepòt vye ti mòso bwa, yo gendwa travèse lanmè sou pipirit san malè ni danje pa rive yo.

6Se konsa, nan tan lontan, lè ras moun bèl wòtè yo t'ap depafini nan lògèy yo, moun ki te espwa latè a chape poul li sou yon pripri. Avèk men ou, ou mennen l pou l te ka bay yon lòt jenerasyon moun pou peple latè ankò.

7Benediksyon pou bwa ki te penmèt Bondye reyalize plan travay li a!

8Madichon pou zidòl moun fè ak men yo paske, atout se yon bagay ki ka peri, yo rele l Bondye! Madichon pou moun ki fè zidòl la paske se li menm ki travay pou ba li fòm li!

9Bondye pa ka sipòte ni moun ki p'ap sèvi l yo, ni mechanste moun sa yo ap fè.

10Lè l'ap pini, l'ap pini bagay moun yo fè yo ansanm ak moun ki fè yo a.

11Se konsa jijman Bondye a ap tonbe ata sou zidòl moun lòt nasyon yo, paske nan mitan kreyasyon Bondye a, zidòl sa yo tounen bagay degoutan, yon wòch bitay pou nanm moun, yon pèlen sou wout tout moun ki pèdi tèt yo.

Kibò sèvis zidòl sòti

12Lè moun mete nan tèt yo lide fè zidòl, se lè sa a imoralite konmanse sou latè. Depi moun wè yo ka rive fè zidòl, se pèvèti sa pèvèti lavi yo.

13Pat gen zidòl nan konmansman. Konsa tou, yo pa la pou tout tan.

14Se lògèy lèzòm ki fè zidòl yo parèt sou latè. Se poutèt sa Bondye pare pou l fini yon sèl kou a tou ak yo.

15Yon lè, se yon papa ki te nan gwo lapenn poutèt pitit gason li ki te mouri tou jenn. Li fè yo fè yon pòtre pitit li pèdi anvan lè a. Konsa, pitit la ki te yon kadav detwa jou pase, kounyeya papa a ap fè lwanj li tankou si l te yon bondye. Li tabli yon bann seremoni ak mistè kite pou moun ki anba lòd li yo fè.

16Apre kèk tan, koutim lan pran pye, epi moun respekte l tankou lalwa.

17Yon lòt lè, se gwo chèf yo ki pase lòd pou moun fè sèvis pou estati yo fè fè. Lè moun ki rete lwen yo pa te ka wè chèf yo fas pou fas pou fè lwanj yo, yo fè pòtre chèf sa yo, yo fè yon estati wa yo respekte anpil lan pou yo ka wè li. Konsa, yo cho fè sèvis pou wa a atout li pa la a, tankou si l te la.

18Ata moun ki pa janm konnen wa a, yo rive fè sèvis pou li tou poutèt atis yo ki te gen gwo lanbisyon dèyè tèt yo.

19Lè konsa, atis yo menm ki te vle fè wa a plezi, yo fè pòtre wa a sòti pi bèl pase wa a menm.

20Lè sa a, moun yo kite bèlte estati a pran nanm yo. Se konsa, depi lè sa a, moun yo te respekte anpil paske se moun li ye a, yo rive fè sèvis pou li tankou si l te Bondye.

21Tousa tounen yon pèlen kote moun pèdi lavi yo, paske moun ki te nan malè yo ak moun ki te chèf yo, yo tout te dakò pou yo te bay wòch ak mòso bwa non yo pa gendwa bay pyès moun pase Bondye ase.

Konsekans sèvis zidòl

22Apre sa, tankou si sa pa te kont toujou pou yo te nan lerè sou konesans Bondye a, avèk konnen yo pa konnen an, y'ap viv nan yon lagè san rete. Lèfini, yo rele gwo malè sa a kè poze.

23Nan sèvis wosman yo, yo touye timoun piti. Yo fè seremoni pou mistè yo an kachèt. Se gwo plezi bakannal cho ak tout kalite vye mès imoralite.

24Avèk tout bagay sa yo, pa gen anyen ki pwòp ankò nan lavi yo ak nan maryaj yo. Yon moun gendwa trayi yon frè l pou fè touye l, osinon li fè adiltè ak madanm frè a pou fè l lapenn.

25Tout bagay mele. Kote ou pase se san, se touye moun, se vòlò, se woule moun, se pran lajan anba tab, se trayizon, se lòbèy, se fè fo sèman.

26Yo pa respekte anyen ki bon, yo bliye sa moun fè pou yo, y'ap sal nanm yo, yo pèvèti, yo pa pran maryaj pou anyen, se adiltè, se debòch.

27Fè sèvis pou zidòl moun pa ka menm nonmen non yo, se la tou sa ki mal konmanse. Se sa ki lakòz moun fè sa ki mal, se la yo bout tou nan fè sa ki mal.

28Moun k'ap sèvi zidòl pouse plezi yo jouk yo pèdi tèt yo. Lè yo pretann se mesay Bondye y'ap bay, se manti y'ap bay. Y'ap viv nan lenjistis, yo poko fin fè sèman, yo gentan vire lang yo.

29Yo fè fo sèman, yo konnen anyen p'ap rive yo, paske yo mete konfyans yo nan zidòl ki san lavi.

30Men, chatiman yo merite a pral tonbe sou yo pou de rezon: Pou yonn, paske yo te fè move lide sou Bondye kifè y'al fè sèvis pou zidòl. Pou de, paske yo pa respekte Bondye ki apa a kifè yo fè fo sèman pou twonpe moun.

31Paske, lè moun ki pa mache dwat yo fè mechanste yo, se pa pouvwa bagay yo sèvi pou fè fo sèman an k'ap pousib yo, se chatiman Bondye sere pou moun ki fè mal yo k'ap dèyè yo pou mechanste yo fè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help