1Wi, Granmèt, jan ou jije moun lan depase konprann nou, nou pa ka esplike l. Se sa ki fè si se pa ou menm ki louvri lespri nou, n'ap pèdi tèt nou.
2Se konsa, moun ki pa rekonèt Bondye yo te konprann yo te ka kenbe pèp k'ap viv apa pou ou a anba men yo. Men, se yo menm ki te prizonye fènwa. Yo te mare anba chenn kote lannwit long anpil lan. Yo rete fèmen anndan lakay yo, yo pa jwenn lasistans ou ki toujou la pou okipe moun.
3Ak peche y'ap fè anbachal yo, yo te konprann yo te ka rete kache jouk moun ta bliye yo, konsa sa ta sèvi yo dra. Men, ou fè yo kouri met deyò, ak yon sèl lapèrèz nan kè yo, ak yon bann vizyon ki t'ap boulvèse lespri yo.
4Ti kwen kote yo te al kache a pa te ka pwoteje yo ase pou yo pa te pè. Yon bann bri dwòl dwòl t'ap fèt tout bò kote yo pou fè yo pè. Yon bann mò ak figi yo blenm blenm t'ap parèt devan yo.
5Pa te gen dife ki te gen kont fòs pou klere yo. Ata zetwal ki pi klere yo pa te rive mete yon ti limyè nan move lannwit sa a.
6Sèl sa ki t'ap klere yo se te yon dife ki te limen pou kont li, men ki t'ap fè yo pè anpil. Yo te sitèlman pè, sa te fè lespri yo travay, li fè yo wè bagay ki te pi mal pase sa yo te wè nan vizyon yo.
7Yo mete tout plan moun k'ap fè maji yo deyò, yo fè yo wont. Pou moun menm ki te pretann di yo gen lespri, yo mele yo byen mele. Yo pase yo nan kont rizib.
8Yo te pwomèt yo t'ap wete lapèrèz ak tèt chaje kay moun ki malad yo, men se yo menm menm ki te pè, kifè moun t'ap pase yo nan wonn tenten.
9Atout pa te gen okenn bagay lèd pou te fè yo pè, yon ti bètazèl k'ap pase, yon ti koulèv k'ap soufle, te kont pou kase kè yo sitèlman yo te pè. Yo t'ap tranble nan tout kò yo, yo tonbe tankou si yo te mouri. Yo te derefize louvri je yo gade fènwa a, men pa te gen mwayen pou yo te chape kò yo sòti ladan l.
10Mechanste se lachte, lèfini se li menm k'ap kondannen pwòp tèt li ankò. Lè konsyans mechan an ap boulvèse l, li wè pwoblèm yo pi gwo pase jan yo ye.
11Lè yon moun pè, se kapab li pa kapab pran tèt li pou li kalkile.
12Lè ou pa fè lespri ou travay pou chache wè klè, ou pa ka konnen sa kisa ki lakòz malè ki rive ou la, ou mete yon bann lòt bagay nan tèt ou.
13Nan mitan fènwa sa a ki, pou di vre, pa te gen okenn pouvwa pou fè yo anyen, paske se nan fon twou kote mò yo ye a li sòti, yon twou ki pa gen okenn pouvwa pou fè moun anyen, moun peyi Lejip yo t'ap dòmi jan yo te toujou konn dòmi an.
14Men, yo wè yon bann mò k'ap fè yo pè, k'ap kouri dèyè yo. Lè konsa, yo santi nanm yo aprale, yo pa ka fè yon ti mouvman ak kò yo. Yon sèl kou a, yo rete konsa lapèrèz anvayi tout kò yo.
15Moun ki te kite lapèrèz pran nanm yo konsa a, yo te santi se tankou si se mare yo te mare nan prizon san pòt sa a.
16Kiltivatè, gadò mouton, moun k'ap travay pou kont yo nan dezè a, tout moun sa yo sezi, yo tout t'ap soufri menm chatiman an tou. Yo yonn pa te chape anba l paske fènwa a te mare yo tout nan menm chenn lan.
17Nenpòt bri ba yo kè sote, te mèt bri van k'ap soufle, osinon bèl ti chante zwazo yo nan branch bwa plen fèy yo, te mèt bri dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, osinon gwo bri wòch k'ap degrengole desann nan mòn,
18te mèt bri bèt ou pa wè k'ap kouri adwat agòch, bri bèt nan bwa kap gwonde, bri k'ap reponn nan tout twou mòn yo. Yo pè, yo tankou moun ki paralezi.
19Nan tout lòt peyi sou latè, yon bèl limyè t'ap klere: tout moun t'ap fè travay yo san antrav pou jennen yo.
20Se sèlman sou moun peyi Lejip yo lannwit lan t'ap peze konsa, tankou ti frè fènwa lanmò ki te sere pou yo a. Men, yo menm yo te yon chay pou pwòp tèt pa yo, yon chay pi lou pase fènwa a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.