Sòm 146 - 1998 Haitian Creole

SÒM 146 (145)Fè lwanj Bondye pou sa li fè

1Lwanj pou Senyè a!

Wi, kite m fè lwanj Senyè a!

2M'ap Sòm 63.4; 104.33 pase tout lavi m ap fè lwanj Senyè a.

M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.

3Pa Sòm 60.11; 118.8,9; Jer 17.5 mete konfyans nou nan grannèg,

nan moun ki pa ka delivre nou.

4Kou Jòb 34.14,15; Sòm 104.29 souf yo koupe, yo tounen pousyè.

Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.

5Ala Sòm 144.15; Jer 17.7 bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l,

pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!

6Se Sòm 115.15; 117.2; Rev 14.7 li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a,

ansanm ak tou sa ki ladan yo.

L'ap toujou kenbe pawòl li.

7Li Sòm 103.6; 107.9; Eza 61.1 rann jistis anfavè moun k'ap sibi lenjistis.

Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.

8Senyè a Sòm 11.7; 145.14; Mat 9.30; Jan 9.7 fè prizonye yo sòti nan prizon.

Senyè a fè avèg yo wè ankò.

Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray.

Senyè a renmen moun ki mache dwat devan li.

9Senyè a Egz 22.21,22; Det 10.18; Sòm 147.6 pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a.

L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo.

Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.

10Senyè a Sòm 10.16 ap gouvènen pou tout tan.

Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan.

Lwanj pou Senyè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help