Sòm 4 - 1998 Haitian Creole

SÒM 4Tout konfyans nan Bondye(1) Pou Jer 23.6 chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.

1(2) Lè m rele ou, reponn mwen non, Bondye,

ou menm k'ap fè m jistis!

Lè m te nan tèt chaje, ou te vin ede m.

Gen pitye pou mwen.

Koute lapriyè mwen.

2(3) Nou Egz 33.16 menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m nan labou!

Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen!

Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!

3(4) Pa Sòm 77.6; Ef 4.26 bliye, se Senyè a ki chwazi m pou moun pa li.

Senyè a tande m lè mwen rele l.

4(5) Se Det 33.19; Sòm 37.3; 51.19 pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal.

Lè nou pou kont nou nan chanm nou,

kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.

5(6) Ofri Nonb 6.26; Sòm 89.15 bèt Senyè a mande pou yo touye pou li.

Mete konfyans nou nan li!

6(7) Gen Eza 9.3 anpil moun k'ap di:

— Jan nou ta renmen Bondye beni nou!

Tanpri, Senyè, fè nou santi ou la avèk nou!

7(8) Kontantman Lev 25.18,19; Sòm 3.5 ou mete nan kè m pi gwo

pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.

8(9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze.

Kou m kouche, dòmi pran m.

Senyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help