Matye 23 - 1998 Haitian Creole

Jezi denonse farizyen yo ak dirèktè lalwa yo(Mak 12.38-40; Lik 11.37-52; 20.45-47)

1Apre sa, Jezi pale ak foul moun yo ansanm Mak 12.38-40; Lik 20.45-47; Lik 11.39-52 ak disip li yo, li di yo:

2— Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la.

3Se Mal 2.7,8 pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè.

4Y'ap mare gwo chay lou mete sou zepòl lòt moun. Men yo menm, yo p'ap fè rimay leve yon pay.

5Tou Mat 6.1; Egz 13.9; Nonb 15.38,39 sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo!

6Yo Lik 14.7; Mat 6.5 renmen pi bon plas nan resepsyon. Yo renmen chita kote pou tout moun wè yo nan sinagòg.

7Yo renmen moun bese byen ba sou plas piblik di yo bonjou. Yo renmen yo rele yo: Direktè, Direktè!

8Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè.

9Pa rele pèsonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.

10Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la.

11Moun Mat 20.26,27 ki pi enpòtan nan mitan nou, se moun ki asepte vin sèvitè nou.

12Moun Pwo 29.23; Jòb 22.29; Eze 21.26; Lik 18.14; 1 Pyè 5.5 ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.

13— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.

[

14— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, anmenmtan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.]

15— Malè pou nou, nou menm direktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou konvèti moun nan relijyon nou. Lè nou resi konvèti yonn, nou fè li merite lanfè sèt fwa pi plis pase nou toujou.

16— Malè Mat 15.14 pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l kenbe pawòl li.

17Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye?

18Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lotèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, se pou l kenbe pawòl li.

19Bann Egz 29.37 je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lotèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?

20Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lotèl la, li sèmante sou lotèl la ansanm ak tou sa ki sou li.

21Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan.

22Moun Mat 5.34 ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fòtèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fòtèy la.

23— Malè Lev 27.30; Mi 6.8 pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.

24Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. N'ap pase lèt pou wete ti mouch. Epoutan n'ap vale lèt bwè ak pay gwosè yon bèf!

25— Malè Mak 7.4 pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.

26Farizyen Tit 1.15; Jan 9.40 avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.

27— Malè Tra 23.3 pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.

28Konsa Lik 16.15 tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste.

Jezi anonse chatiman k'ap vini

29— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Gade, n'ap bati bèl tonm pou pwofèt yo, nou mete flè sou kavo moun ki te mache dwat devan Bondye yo.

30Epi n'ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t'ap touye pwofèt yo.

31Lè Tra 7.52 nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye.

32Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te konmanse fè a.

33Bann Mat 3.7 rize, bann vèmin! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?

34Se Mat 13.52; 10.23; 1 Tes 2.15 poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo sòti yon lavil al nan yon lòt.

35Konsa, Jen 4.8; 2 Kwo 24.20,21 n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.

36Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Chatiman gen pou tonbe sou moun k'ap viv kounyeya pou tout krim sa yo.

Jezi plenn sò lavil Jerizalèm(Lik 13.34-35)

37— Jerizalèm, Lik 13.34,35; Tra 7.59; 1 Tes 2.15 Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pat vle!

38Enben, Jer 22.5; 12.7; 1 Wa 9.7,8 tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo.

39Paske, Mat 21.9; Sòm 118.26 m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help