1(2) M'ap Sòm 6.2; 88.13 fè lwanj ou, Senyè,
paske ou mete m sou de pye m ankò,
paske ou pa bay lènmi m yo chans pou yo pase m nan rizib.
2(3) Senyè, Sòm 16.10; 28.1 Bondye mwen, mwen rele nan pye ou,
epi ou geri mwen.
3(4) Ou Sòm 50.5; 97.12 rale m sòti nan bouch twou a.
Ou ban m lavi ankò, ou pa kite m mouri.
4(5) Nou Sòm 103.9; Eza 54.7,8 tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li!
Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi.
5(6) Paske, Sòm 10.6; Pwo 1.32 lè li ankòlè, se pou yon ti tan.
Men, li ban nou favè l
pou tout tan n'ap viv.
Lannwit nou kriye,
Kou l jou, kè nou kontan.
6(7) Mwen 2 Sam 24.10; Sòm 104.29 te santi kè m poze,
se sa k fè mwen t'ap di:
— Anyen p'ap janm rive m.
7(8) Senyè, Sòm 142.1 ou fè m favè, ou mete m chita sou yon mòn byen wo.
Men, kou ou vire do ban mwen, kè m kase.
8(9) Mwen Sòm 6.5 te kriye nan pye ou, Senyè.
Mwen te mande ou sekou.
9(10) Si Sòm 27.7 ou kite yo touye m, sa sa ap fè pou ou?
Si ou kite m ale anba tè, sa sa ap rapòte ou?
Eske moun mouri ka fè lwanj ou?
Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
10(11) Koute m 2 Sam 6.14; Jer 31.13 non, Senyè! Gen pitye pou mwen!
Senyè, pote m sekou!
11(12) Ou Sòm 16.9 siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil.
Ou wete rad dèy ki te sou mwen an,
ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.
12(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen,
m'ap chante lwanj ou.
Senyè, se ou menm ki Bondye mwen!
Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.