2 Wa 16 - 1998 Haitian Creole

Akaz, wa peyi Jida(2 Kwonik 28.1-27)

1Wa Peka, pitit Remalya, te gentan gen Se 2 Wa 14.22 lè sa a wa peyi Edon an pwofite pou reprann lavil Elat nan men moun peyi Jida yo, li mete yo deyò nan lavil la. Se konsa moun Edon yo tounen nan lavil la kote yo rete jouk jounen jòdi a.

7Lè 2 Wa 15.29; 2 Kwo 28.16; Eza 7.4 sa a, Akaz voye mesay bay Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l konsa:

— M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m.

8Akaz 2 Wa 12.18 pran ajan ak lò ki te nan Tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado.

9Wa 2 Kwo 28.21; Am 1.5; 9.7 Lasiri a koute l vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.

10Lè Eza 8.2 wa Akaz te lavil Damas pou l te kontre ak Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l bay Ouri, prèt la.

11Se konsa, Ouri gentan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li sòti Damas la anvan menm Akaz tounen sòti Damas.

12Lè Akaz tounen sòti Damas, li wè lotèl la, li pwoche, li moute bò lotèl la.

13Li fè boule yon bèt sou li, li fè ofrann grenn jaden. Li vide yon ofrann diven ak san bèt li te ofri pou di mèsi a sou lotèl la tou.

14Lotèl Egz 40.6,29; 1 Wa 8.64; 2 Kwo 4.1 kwiv ki apa pou Senyè a te ant lotèl sa a ak kay Senyè a. Akaz fè deplase li wete li devan Tanp lan, li mete li sou kote lòt lotèl la sou bò nò.

15Epi Egz 29.39-41; Nonb 28.4 Akaz bay Ouri lòd sa a:

— Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.

16Ozyas, prèt la, fè tou sa wa Akaz te ba li lòd fè.

17Apre 1 Wa 7.23,25,27,28,38 sa, wa Akaz fè demoute kabwa an kwiv yo. Li fè wete gwo basin an kwiv ki te chita sou bèf yo, li fè mete l sou yon pave wòch.

18Lèfini, pou l te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.

19Tout 2 Kwo 28.26,27 rès istwa wa Akaz la, tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

20Lè wa Akaz mouri, yo antere l menm kote ak zansèt li yo nan Lavil David. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help